Accessibility links

Breaking News

O Venezuela, 3 Moun Mouri Pami yo yon Ti Gason 14 Zan nan Manifestasyon Kap Fèt Kont Rejim Maduro a


Manifestan yo kap bloke yon wout pandan jounen pwotestasyon ak grèv jeneral nan Kaakas , Venezuela, 27 jiyè 2017.
Manifestan yo kap bloke yon wout pandan jounen pwotestasyon ak grèv jeneral nan Kaakas , Venezuela, 27 jiyè 2017.

Nouvèl yo fè konnen yon nèg mouri anba koutzam nan pati lwès peyi a, tandiske yon ti gason 14 zan pèdi lavi l tou nan lesefrape ki dewoule nan kapital la, Karakas

O Venezuela, yon grèv jeneral kap dewoule atravè tout peyi a antre nan 2èm jounen li jedi 27 jiyè 2017 la nan moman pwotestasyon opozisyon an lanse kont gouvènman Prezidan Nicolas Maduro a koze lanmò 3 moun.

Lajistis fè konnen yon nèg mouri anba koutzam nan pati lwès peyi a. An plis de sa, yon ti gason 14 zan pèdi lavi l tou nan lesefrape ki dewoule nan kapital la, Karakas. Pandan tout premye pati jounen jedi a otorite yo pat bay detay sou lanmò 3èm viktim nan.

Plizyè milye anplwaye te rete lakay yo nan jounen mèkredi a. Moun te kapab konstate sikilasyon machin pat preske egziste sou otowout yo e anpil bizniss te fèmen pòt yo.

XS
SM
MD
LG