Accessibility links

Breaking News

Venezuela : Prezidan Chavez pale de Eta Sante Li Aprè Yon Operasyon nan Kiba


Prezidan venezuelyen an, Hugo Chavez
Prezidan venezuelyen an, Hugo Chavez

Prezidan venezuelyen an, Hugo Chavez, di li byen ka suiv tretman chimyoterapi oubyen radiyasyon aprè yon operasyon li te sibi pou kansè sa pa gen lontan.

Misye Chavez ki t ap pale de sa mèkredi 13 jiyè 2011 la, anonse li kòmanse dezyèm etap tretman kansè a malgre li pa bay twòp detay sou kesyon pou konnen ki kalite kansè li genyen egzatteman. Lidè venezuelyen an di chimyoterapi oubyen radyasyon se tap 3èm etap tretman an.

Dapre li, etap sa a vle di li dwe pwoteje tèt li kont selil ki gen kansè yo. Misye Chavez fini pa di li pèdi pwa e l ap mennen kounyela a yon mòd de vi kote li pi respekte prensip ki amelyore lasante e ki kenbe yon moun nan bon kondisyon fizik.

XS
SM
MD
LG