Yon kokenn manto frèt ki blayi sou kòt nò-ès Lèzetazini deranje trafik avyon e fòse responsab yo anile oubyen retade plizyè milye vòl avyon pa mezi prekosyon pou sekirite pasaje ak manm ekipaj yo.
Yon vag fredi (-16° Celsius) moun pa janm wè depi dè dizèn lane e ki mache ak van kap soufle a 50 kilomèt alè (sa ki fè ou santi w pi frèt toujou) ap layite kò li depi madi 7 janvye a sou Central Park la nan Nouyòk. Men se pa Nouyòk sèlman fredi a ap dodomeya. Nan vil Chicago, madi tèmomèt la make -20° santigrad, nan Detroit -21°C; Pittsburg -17°C epi nan Boston -9 degre sentigrad.
Sant pou mete moun sanzabri yo pa gen kote ankò pou pike menm yon zepeng titèt. Nan Washington, responsab yo oblije mete bibliyotèk ak sant divètisman piblik yo aladispozisyon moun ki pa gen kay yo paske fredi a desann nan mwen katòz (-14 degre santigrad). Nan vil Colombus, Ohio, yo jwenn madi maten yon endijan 51 an mouri nan fredi. Antou, genyen omwen 16 moun fredi a touye deja Ozetazini.
Nan rejyon sid Lèzetazini, kote an jeneral li pa janm fè twò frèt, tankou nan vil Atlanta (Géorgie) pa egzanp, tanperati a rive nan -14 degre Celsius---yon bagay moun pa wè depi 44 tran. Nan rejyon nò Eta Florid, tèmomèt la desann pi ba pase 0 degre, sa ki menase rekòt zoranj lan ane sa a.
Responsab aviasyon peyi a anile anviwon 3 mil 000 vòl madi san bliye 2 mil 900 yo oblije difere, dapre FlightAware.com. Nan ayewopò Chicago a sèlman, ki se youn nan ayewopò pi frekante Ozetazini, responsab yo anile 383 vòl, swa 31 pousan trafik aeryen an. Konpayi JetBlue Airways rekoumanse vòl li yo apati Nouyòk ak Boston apre li te sispann yo lendi swa. Malgre sa madi 7 janvye a li sètoblije sispann 216 vòl.
Konpayi Southwest anile 309 vòl. United Continental sispann 117. American Airlines ak afilye li, American Eagle, deside anile 500.
Air Canada anonse kliyan li yo li kapab anile ou retade vòl li nan 15 ayewopò nan Kanada ak nan rejyon nò-ès Etazini.
Avi sa a valab pou jis jedi.