Accessibility links

Breaking News

Etazini: Prezidan Trump ak Minis Defans la Gen Opinyon Direfan sou Fason pou Trete Pwovokasyon Kore di Nò a


 Minis defans ameriken an, Jim Mattis pandan li tap reponn kesyon sou pwovokasyon nikleyè Kore di Nò a, nan Pentagòn, Washington, Etazini. 15 out 2017.
Minis defans ameriken an, Jim Mattis pandan li tap reponn kesyon sou pwovokasyon nikleyè Kore di Nò a, nan Pentagòn, Washington, Etazini. 15 out 2017.

Prezidan ameriken an, Donald Trump ak Minis defans li an, Jim Mattis, fè soti deklarasyon depaman jounen mèkredi 30 out 2017 la sou fason pou reponn Kore di Nò apre lansman misil balistik li a ki te pase sou tèt peyi Japon, yon alye Lèzetazini.

Minis Mattis ensiste sou le fèt ke Etazini pa janm pa gen solisyon diplomatik, nan sa ki gen a wè ak sitiyasyon Kore di No a. Deklarasyon sa a soti apre Prezidan Trump te fè konnen :"Pale se pa repons la." Mesye Mattis te reponn kesyon sou yon tweet Prezidan Trump te ekri sou fason pou jere menas Kore di Nò a aprè peyi sa a te fin lanse dènye tès misil Balistik li a ki te pase sou tèt Japon sa pa gen lontan.

Analis yo kritike pozisyon depaman ki soti nan yon menm ekip gouvènmantal. Minis defans Mattis te byen akeyi tokay Kore di Sid li a nan Pentagon mekredi 30 out la nan moman 2 peyi yo ap eseye jwenn fason pou yo trete denye provokasyon Kore di No yo.

XS
SM
MD
LG