Accessibility links

Breaking News

Etazini ak Kore Di Nò Kòmanse Fè Chita-Pale Dirèk a Wo Nivo


Foto konbinezon ki montre de goch a dwat: Diretè CIA a, Mike Pompeo nan Washington, Lidè Kore di Nò a, Kim Jong Un nan Pyongyang, ak Prezidan ameriken an Donald Trump nan Palm Beach, Florid.
Foto konbinezon ki montre de goch a dwat: Diretè CIA a, Mike Pompeo nan Washington, Lidè Kore di Nò a, Kim Jong Un nan Pyongyang, ak Prezidan ameriken an Donald Trump nan Palm Beach, Florid.

Prezidan Donald Trump fè konnen Etazini kòmanse fè chita-pale dirèk a wo nivo ak Kore Dinò. chèf deta Etazini an konfime nouvèl ki fè kwè direktè CIA, Sèvis Entèlijans Ameriken an, Mike Pompeo rankontre nan Pyongyang ak lidè Kore di Nò a, Kim Jung Un. Rankont sa antre nan kad somè ki pral dewoule avan lontan ant Prezidan Trump ak lidè nòkoreyen an, Kim Jung Un.

Bò kote pa l, Premye minis japonè a, Shinzo Abe kap fè yon vizit ofisyèl isit Ozetazini eksprime dezi pou Washington mete enterè Japon tou nan ajanda negosyasyon yo. Lokatè Mezon Blanch la konfime plan pou l ale de lavan ak plan pou l fè somè a ak lidè rejim Pyongyang, nan moman li tap akeyi zanmi li Shinzo Abe.

Prezidan Trump deklare, “Nou deja fè chita-pale opli wo nivo ak Kore di Nò, e mwen kwè peyi sa a montre anpil bòn volonte, e gen yon pakèt bon bagay ki pase, nap gade pou nou wè. Tankou mwen toujou di, nap obsève bagay yo, paske bout pou bout, se rezilta yo ki konte, se pa lefèt ke nap panse a fè yon rankont.”

Vizit nimewo 1 japonè a ap antreprann Ozetazini an entèvni nan moman relasyon ant Washington e Tokyo pran yon ti kout dlo frèt poutèt Etazini pa mete Japon sou lis peyi li egzante anba ogmantasyon tarif sou asye ak aliminyòm kap antre sou teritwa ameriken an.

XS
SM
MD
LG