Accessibility links

Breaking News

Etazini Anile Rankont li ak Kore di Nò sou Dezameman Nikleyè Prèskil Koreyen an


Foto konbinezon ki montre Prezidan Donald Trump ak lidè Kore di Nò a, Kim jung Un.
Foto konbinezon ki montre Prezidan Donald Trump ak lidè Kore di Nò a, Kim jung Un.

Prezidan ameriken an Donald Trump anile somè li ta pral ak lidè Koreyen an Kim Jung Un 12 jen k ap vini la a nan Sengapour. Se sekretè deta ameriken an Mike Pompeo ki anons la devan yon komite kongrè ameriken an jedi 24 me 2018 la.

La Mezon Blanch pibliye yon lèt Prezidan Donald Trump voye bat koreyen an Kim Jung Un kote li konnen li pa apwopriye pou kounye a pou yon rankont dewoule antre nou sou pwogram nikleyè a.

Nan lèt la Prezidan Trump voye yon mesaj vwale bay lidè koreyen an pou di: mwen tande wap pale de kapasite nikleyè Kore di Nò, ebyen ban m di w kapasite nikleyè Etazini tèlman m ap priye BonDye pou n pa janm itilize l.

Pi lyen, Prezidan Trump, ki remèsye lidè Koreyen an pou liberasyon 3 prizonye ameriken yo, manifeste espwa pou l rankontre lidè Koreyen yon jou men si l ta chaje lide pa ezite telefone l ou byen ekri l. Misye Trump konkli pou di Kore di Nò ak popilasyon mondyal la an patikilyen nò koreyen yo rate yon opòtinite.

Sekretè deta ameriken Mike Pompeo di palmantè yo:

"Mwen pa kwè Koreyen yo te atann yo ta pral genyen yon bonrezilta nan rankont la se sa orezudab ab remake klè nan lèt la. Mwen kapab ajoute nan jou ki pase yo nou te travay ak detèminasyon sa mwen ak prezidan Kim te dakò pou n ekip 2 peyi yo pou planifye some. Nou pat jwenn oken repons Koreyen yo.

Msye Pompeo konfime devan komisyon an ke Etazini te pare pou rankont la.

Mwen kwè nou ute prepare pou rankont la. Mwen kwè prezidan Trump te prepare pou rankont la. Nou te prepare san rezèv pou rankont la.

Anons anilasyon rankont la rive kèk èd tan apre KorediNò detwi yon sit kote li te konn tès nikleyè pou l demontre angajman pou l denikleyarize penisil la.

XS
SM
MD
LG