Accessibility links

Breaking News

Prezidan Ameriken an, Donald Trump, Genyen pou l Anonse Desizyon li sou Akò Etazini te Siyen ak Iran an

Nan foto 16 janvye 2016 sa a,moun kapab wè, Chèf Diplomasi Etazini a lepòk la John Kelly ki tap pale ak Minis Afè Etranjè Iran an Mohammad Javad Zarif nan Vienna, apre AEA, International Atomic Energy Agency, te vin konstate Iran pa gen zam nikleyè lakay li e ke li ranpli kondisyon pou yon akò entènasyonal sou zafè zam nikleyè a.

Prezidan ameriken an, Donald Trump, genyen pou l anonse pi ta semèn sa a ke li pap bay peyi Iran sètifika ki rekonèt li kòm yon eta ki respekte kondisyon ki poze nan yon akò entènasyonal li te siyen nan lane 2015.

Aprè Mesye Trump ta fin fè yon anons konsa, kongrè ameriken an tap genyen 60 jou pou l deside si wi ou non lap remete sanksyon sou do Iran. Pòtpawòl Mezon Blanch la, Sarah Huckabee Sanders, ki tap reponn kesyon laprès sou dosye a jounen madi 10 oktòb 2017 la deklare:

"Prezidan an deja rive jwenn yon estrateji global sou dosye Iran an e li vle gen garanti nou genyen yon politik elaji sou fason pou nou fè fas ak sitiyasyon sa a... pa fè fas ak yon pati sèlman nan sitiyasyon an, men fè fas ak tout pwoblèm Iran poze kòm yon move aktè sou sèn entènasyonal la..."

XS
SM
MD
LG