Accessibility links

Breaking News

Etazini Manifeste Sipòte li a Ayiti nan Lit Kont Krim Transnasyonal ak Trafik Ilegal


Nan mitan, Anbasadè Etazini a ann Ayiti, Michele Sison, adwat, ak DGPNH la Michel Ange Gédeon, agoch, antoure ak plizyè lòt otorite polisyè ayisyen.
Nan mitan, Anbasadè Etazini a ann Ayiti, Michele Sison, adwat, ak DGPNH la Michel Ange Gédeon, agoch, antoure ak plizyè lòt otorite polisyè ayisyen.

Anbasadè Etazini ann Ayiti, nan yon nòt pou laprès, pale sou yon patenarya gouvènman ameriken an ak Ayiti nan zòn nòdès peyi a.

Nòt la di:

(Port-au-Prince, Ayiti), Out 14, 2018 - Anbasadè Ameriken an an Ayiti, Michele Sison, te ale nan Ouanaminthe, nan Depatman Nòdès, 13 ak 14 out 2018 pase a . Vwayaj la te konsantre sou kijan Anbasad Ameriken an sipòte Ayiti nan ranfòsman kontwòl fwontyè polis fwontalyè a, POLIFRONT; mobilizasyon resous nasyonal, batay kont trafik imen, ak wòl sektè prive a nan devlopman ekonomik rejyon fwontyè a.

Anbasadè Sison ak yon delegasyon ki soti nan anbasad la te vizite Polis Nasyonal Ayiti a (PNH), nan baz POLIFRONT ki sitiye nan Morne Casse. Anbasad la, atravè Biwo Nakotik ak Ranfòsman Lalwa (INL), nan Depatman Deta a Ameriken, fè yon don a Biwo Entènasyonal pou Migrasyon (IOM), pou founi materyèl ak fè fòmasyon pou ede pou ranfòse prezans POLIFRONT nan rejyon an.

POLIFRONT te deja demontre pwogrè nan kapasite l kote li arete trafikè sispèk ak kontrebandye ak entèdi aktivite kontrebann nan zòn fwontyè a.
Anbasad Ameriken an atravè INL la ap diskite yon dezyèm akò finasman ak IOM pou ede POLIFRONT elaji nan lòt zòn fwontalyè Ayiti pataj ak Sen Domeng.

"Etazini angaje nan patenarya li ak Ayiti pou konbat krim transnasyonal ak tout fòm trafik ilegal," anbasadè Sison deklare nan entèvansyon li te fè nanseremoni an aprezans Direktè Jeneral PNH la, Michel Angel Gedeon, kòmandan POLIFRONT Marc Justin, ak reprezantan IOM yo.

Pandan vizit li nan Ouanaminthe, Anbasadè Sison te rankontre ak Majistra vil la Demetrius Luma ak Delege adjwen Arold Joseph kote yo te diskite sou enpòtans sekirite ak devlopman nan zòn fwontyè a.

Faz final la nan vizit delegasyon anbasad la te konsantre sou evalye wòl sektè prive a sou fwontyè a nan pak endistriyèl Konpayi Devlopman Endistriyèl (CODEVI) nan Ouanaminthe. Nan lane 2010, Kongrè Etazini te vote "Lwa Pwogram Ekonomik pou Rekonstriksyon Ayiti" (HELP), pou ede sipòte yon ekonomi dirab ann Ayiti kote li ogmante benefis tarif yo sou ekspòtasyon sektè teksil la kap pwodwi rad ki al vann Ozetazini.

XS
SM
MD
LG