Accessibility links

Breaking News

Plizyè Otorite nan Miami Solidè ak Kominote Ayisyen la nan Demach TPS 18 Mwa pou Plizyè Milye Konpatryòt


Yon gwoup ayisyen nan T-Ayiti nan yon seremoni pou komemore tranblemandtè 12 janvye 2010. Miami, Florid, 12 janvye 2017.
Yon gwoup ayisyen nan T-Ayiti nan yon seremoni pou komemore tranblemandtè 12 janvye 2010. Miami, Florid, 12 janvye 2017.

Plizyè manm kominote ayisyen an ak otorite ameriken te reponn prezan nan yon rankont kominotè Fanm Ayisyen nan Miami te òganize mèkredi swa nan Sant Kiltirèl Ayisyen an nan Ti Ayiti pou kominike yon estrateji pou fè presyon pou otorite yo nan Washington ka deside renouvle TPS, Stati Pwoteksyon Tanporè a, pou 18 mwa.

Direktris Ekzekitif Fanm Ayisyen nan Miami, Marleine Bastien, fè konnen òganizasyon an voye yon lèt bay otorite ameriken yo pou envite yo al vizite pati sid Ayiti kote siklòn Matthew te ravaje, pou wè si se vre Ayiti pare.

Yon fanmiy, papa, manman ak yon pitit fi lii ki gen 10 zan te prezante doleyans yo, kidonk eksplike ki jan yon separasyon ant paran-yo ki gen TPS ak pitit fi-a ki fèt nan peyi-a, ta dezòganize fanmi-an.

Direktris Ekzekitif Fanm Ayisyen nan Miami Marleine Bastien te prezante yon pwojè pou òganize yon gwo mach nan Kongrè Etazini-an nan Washington 24 oubyen 25 Oktòb k-ap vini-an, e t-ap mande pawonaj pou òganize vwayaj sa-a pou plis moun posib ta fè deplasman-an.

16 Oktòb k-ap vini-an pwojè-a se yon manifestasyon nan Entènèt sou Twitter pou chofe Senatè Bill Nelson ak Marco Rubio pou yo ka vote anfavè yon lwa pou pwolonje TPS-la e petèt menm fè moun ki gen TPS-yo benefisye yon estati pèmanan.

TPS pou Ayisyen yo ap bout 22 Janvye, e nan mwa novanm kap vini an se dat pou gen yon desizyon pou konnen si wi ou non Prezidan Donald Trump ap renouvle li.

XS
SM
MD
LG