Accessibility links

Breaking News

Prezidan Emmanuel Macron Di Lafrans Pap Abandone Akò Nikleyè ak Iran an


Prezidan Fransè a, Emmanuel Macron kap pale ak Palmantè ameriken yo nan tou 2 chanm Kongrè a reyini nan Capitol Hill, Washington, 25 avril 2018.
Prezidan Fransè a, Emmanuel Macron kap pale ak Palmantè ameriken yo nan tou 2 chanm Kongrè a reyini nan Capitol Hill, Washington, 25 avril 2018.

Prezidan fransè a Emmanuel Macron fè yon diskou sou tribin Kongrè ameriken an nan Washington mèkredi 25 avril 2018 la. Prezidan Macron di li kwè Lafrans ak Etazini kapab travay ansanm pou rive fè lapè etabli nan Mwayen Noryan an.

Nan ka atak ak zam chimik rejim Asad la te fè sou popilasyon sivil Siri a, Prezidan Macron di Lèzetazini, Lafrans ak Grand Bretay te mete ansanm pou detui etablisman kap pwodui zam chimik yo nan Siri.

Mesye Macron kap fè yon vizit 3 jou Ozetazini te rankontre ak Prezidan Donald Trump lendi 23 ak madi 24 avril la kote yo diskite sou plizyè pwen tankou kriz nan Siri a, akò nikleyè ak Iran an ke Lèzetazini te siyen, san bliye kowoperasyon bilateral sou rapò komèsyal ant 2 peyi yo ak tout blòk Ewop la. Mesye Macron di Lafrans pap abandone akò nikleyè ak Iran an. Prezidan Fransè a fini diskou l la pou l di ansanm nap toutjou pote laviktwa

XS
SM
MD
LG