Accessibility links

Breaking News

Men yon Avètisman sou Vwayaj Konsènan Ayiti ki Sòti nan Depatman Deta Ameriken


Yon avyon nan Reagan National Airport nan outside Washington, D.C. 23 novanm 2017.
Yon avyon nan Reagan National Airport nan outside Washington, D.C. 23 novanm 2017.

Depatman Deta lanse avètisman bay sitwayen ameriken yo pou mande yo pran anpil prekosyon ak risk yo ka kouri si yo anvizaje ale ann Ayiti akoz eta aktyèl sitiyasyon sekirite peyi a ak mank enstalasyon medikal apwopriye ak repons ki nesesè. Sa a, se yon miz-a-jou pou Avètisman sou Vwayaj ki te parèt nan dat 12 septanm 2017 la.

Kidnaping toujou reprezante yon menas, epi vòl-a-men ame ak atanta vyolan ke sitwayen ameriken te rapòte, ogmante nan kèk ane ki pase yo. Pinga nou pataje ak etranje nouvèl presi sou plan vwayaj nou. Sonje byen: bandi yo vize sitou vwayajè ki fèk rive nan peyi a. Fè aranjman pou moun kap resevwa nou an oubyen reprezantan òganizasyon ki mete vwayaj la sou pye vin rankontre nou nan ayewopò a lè nou rive oubyen fè aranjman davans pou yo transpòte nou sòti ayewopò a pou n rie nan otèl nou.

Li entèdi pou manm pèsonèl anbasad amerikèn al vizite bank piblik yo ak aparèy ATP, paske kriminèl yo vize yo souvan pou yo atake. Yo tapòte mwens krim andeyò Pòtoprens; men otorite ayisyen yo gen kapasite limite pou yo reponn lè gen yon ka dijans, e gen zòn kote kapasite sa a pa menm egziste. Nou dekonseye anplwaye anbasad amerikèn yo fè pwomnad a-pye lajounen nan vwazinaj vil la -san bliye Petion-Ville- e nou entèdi yo fè pwomnad a-pye nannuit nan vwazinaj vil la -san bliye Petion-Ville. Vizite sèlman etablisman avèk paking ki gen sekirite. Manm pènonèl anbasad amerikèn nan twouve yo anba entèdiksyon pou yo pa sòti ant 1 nè di maten e 5 kè di maten (se kouvrefe).

Manm pèsonèl anbasad la dwe jwenn pèmisyon nan men ajan sekirite anbasad la pou yo ale nan kèk zòn nan Pòtoprens, sa ki limite kapasite anbasad la pou l ofri sitwayen ameriken yo kèk sèvis dijans. Mouvman pwotestasyon --pami yo genyen kawoutyou k ap boule ak baraj wout-se bagay ou wè souvan e pafwa moun mete yo anplas san w pa atann ou. Evite tout demonstrasyon. Polis Nasyonal d Ayiti genyen yon kapisite limite pou l asiste sitwayen ameriken pandan mouvman dezòd yo. Prepare pwòp plan ou pou w kite peyi a rapidman si sa nesesè.

Enfrastrikti medikal, anbilans, ak lòt sèvis medikal dijans se bagay ki limite sou tout tèritwa peyi a. Tcheke pou w wè si òganizasyon w nan genyen enfrastrikti ki merite konfyans, plan evakyasyon ak sipò medikal souplas. Yon asisans medikal konplè pou evakyasyon se yon bagay nou rekòmande anpil-anpil pou tout moun kap vwayaje.

Pou plis enfòmasyon:

Tchke sitwèb Depatman Deta sou vwayaj la pou Prekosyon Mondyal la: Avètisman sou Vwayaj, Atansyon Vwayaj, ak “Haiti’s Country Specific Information.

Anwole nan Smart Traveler Enrollment Program (STEP) pou w resevwa mesaj sou sekirite epi fè sa vin pi fasil pou yo konn ki kote ou ye an ka dijans.

Kontake anbasad amerikèn nan nan Pòtoprens, ki sou Boulevard du 15 October, Route de Tabarre, telefòn: (509) 2229 - 8000. Telefòn dijans apre lè travay: (509) 2229-8000. Faks: (509) 2229-8027; imèl: acspap@state.gov <mailto:acspap@state.gov>. pajentènèt: <http://ht.ysembassy.gov>.

Rele gratis 1-888-407-4747 si ou Ozetazini oubyen ou nan Kanada, oubyen 1-202-501-4444 si ou nen nenpòt ki lòt peyi, ant 8:00 di maten e 8:00 di swa, Lè Nòmal de Lès, sòti lendi pou rive vandredi (eksepte si se jou konje federal Ozetazini).

· Nou envite swiv nou sou Twitter ak Facebook.

Se te yon nòt ki soti nan Depatman Deta Ameriken nan Washington DC sou vwayaj ann Ayiti.

XS
SM
MD
LG