Accessibility links

Breaking News

Sena Etazini an Apwouve yon Plan Depans Tanporè pou Pèmèt Gouvènman Ameriken an Reprann Aktivite l


 Kongrè Ameriken an
Kongrè Ameriken an

Sena Etazini an apwouve yon plan depans tanporè pou pèmèt gouvènman ameriken an reprann aktivite li aprè yon fèmti pasyèl 3 jou. Lejislasyon an ap pèmèt ajans federal yo reprann aktivite yo e kontinye fonksyone jiska 8 fevriye.

Chanm dè reprezantan an ap vote sou lejislasyon sa a. Daprè kèk analis, se prèske sèten chanm bas la pral awpouve dokiman an.

Aprè chanm dè reprezantan an finn apwouve lejislasyon an, yap voye l bay prezidan Donald Trump pou l siyen l avan pou yo leve fèmti gouvènman federal Etazini an.

Sena Etazini an te jwenn yon konpwomi kap pèmt yo mete fen nan fèmti gouvènman federal la aprè lidè majorite a Senatè Mitch McConnell te bay palmantè opozisyon demokrat yo asirans li pral pèmèt yo fè yon vòt sou yon mezi kap pwoteje anviwon 800 mil jèn imigran illegal kont depòtasyon.

XS
SM
MD
LG