Accessibility links

Breaking News

Lame Lèzetazini ak Japon Montre Yo Pare pou Yo Fè Fas ak Tout Menas Kore di Nò

Kòmandan twoup Pasifik Etazini ak Kore di Sid la, Harry Harris, twazyèm adwa, ki tap reponn kesyon yon repòtè pandan yon konferans pou laprès devan estasyon lansman PAC-3 nan Baz Osan Air la nan Pyeongtaek, Kore di Sid, 22 out 2017.

2 avyon bonbadye B-1, ki baze sou zile Gwam, ak 4 avyon konba F-35, ki baze o Japon, patisipe nan kèk egzèsis sou Preksil Kore a.

Lèzetazini ak alye li yo reponn yon fwa ankò aprè yon menas misil Kore di Nò. Sepandan fwa sa a repons la te gen ladan n yon egzèsis ki dewoule ak itilizasyon zam an dirèk.

2 avyon bonbadye B-1 ki baze sou zile Gwam, avèk 4 avyon konba F-35 ki baze o Japon, te patisipe nan egzèsi sa yo ki dire 10 zèdtan nan kad yon demonstrasyon de fòs ki dewoule sou Preksil Kore a.

Demonstrasyon de fòs sa a fèt 2 jou apre Kore di Nò te tire yon misil pòte entèmedyè ki te travèse tèritwa japonè a epi yon jou aprè la marin de gè Lèzetazini te anonse konbatan li yo rive desann avèk siksè yon misil balistik mwayèn pòte nan kad yon egzèsis-tès ki dewoule tou prè kòt Eta Awayi nan Ozeyan Pasifik la.

XS
SM
MD
LG