Accessibility links

Breaking News

Prediksyon sou Pwochen Etap Rapò Komèsyal Etazini ak Lachin

Prezidan ameriken an, Donald Trump, adwat, pandan rankont li ak Prezidan chinwa a, Xi Jimping agoch, ak Premyè Dam Etazini an, Melania Trump nan dine eta yo nan Great Hall of the People nan Peken, Lachin. Jedi 9 novanm 2017. (Foto/ AP: Thomas Peter/Pool)

Isit Ozetazini, analis politik yo fè konnen Prezidan Donald Trump pare kounye a pou l reyalize yon promès, sètadi plan daksyon djanm li te genyen kont Lachin akoz pratik komesyal enjis peyi sa a.

Pandan Prezidan Trump, ki te pran la pawòl nan peyi Lachin youn nan etap yon virewon 12 jou li te fè sou kontinan azyatik la ---sanble li te bay Peken rezon lè l tap mansyone gwo kokenn defisi ki egziste nan komès kap fèt ant Lachin ak Lezetazini. Misye Trump di:

"Mwen pa blame Lachin si l pran avantaj sou yon lòt peyi e si sa ka pote benefis pou sitwayen li yo." Sepandan, lidè ameriken an chanje ton konplètman pandan li tap pale nan Lamezon Blanch mèkredi 16 novanm 2017 la, lè li di li pa pral kite okenn peyi eksplwate Lèzetazini anko.

XS
SM
MD
LG