Accessibility links

Breaking News

Kowoperasyon ant Etazini ak Japon pou Bloke Misil Kore di Nò yo


 Foto koninezon ant Premye minis Japonè a, Shinzo Abe, agoch, ak Prezidan Ameriken an, Donald Trump adwat.
Foto koninezon ant Premye minis Japonè a, Shinzo Abe, agoch, ak Prezidan Ameriken an, Donald Trump adwat.

Premye minis Japon an, Shinzo Abe, fè konnen Prezidan ameriken an, Donald Trump, tonbe dakò ak li sou nesesite pou bloke anbisyon nikleyè Kore di Nò a. Mesye Abe di jounalis yo nan vil Tokyo limenm ak Mesye Trump jwenn yon antant nan sans sa a pandan yon konvèsasyon nan telefòn.

Lidè japonè a kontinye pou l di:

“Nan yon tantativ pou mete anplas yon plan B, nou pral itilize yon gwo siveyans atravè sistèm defans anti-misil nou an pou fè tout sa nou kapab pou pwoteje Japon.”

Dyalog ant 2 alye yo, asavwa Washington ak Tokyo entèvni nan moman Kore di Nò di li pare pou l lanse yon misil tou pre Guam ki nan rejyon loseyan pasifik la, e ki sou kontwòl Lèzetazini.

XS
SM
MD
LG