Accessibility links

Breaking News

Yon Malnitrisyon Sevè Menase Lavi Timoun Ayisyen yo, daprè UNICEF


Daprè UNICEF, anviwon 4 milyon 400 mil ayisyen ap fè fas ak yon ensekirite alimantè “trè grav”, e 86 mil timoun ki gen mwens ke 5 kan kapab viktim konsekans yon “malnitrisyon trè sevè” ane sa a, tandiske kantite a te 41 mil ane pase.       

Kantite timoun an Ayiti k ap soufri ak malnitrisyon ki ka menase lavi yo pral plis ke double ane sa a akoz maladi KOVID-19, vyolans gang ak move tan ki asosye ak chanjman klimatik yo, dapre sa Fon Nasyonzini pou Timoun, UNICEF, fè konnen lendi 31 me 2021 an.

Sa gen lontan depi Ayiti reprezante youn nan peyi kote nivo ensekirite alimantè a ak nivo malnitrisyon an pi elve nan lemond; sepandan sitiyasyon an vin grav pandan ane ki fèk pase yo. Kantite peryòd sechres yo ogmante epi gwo tanpèt frape peyi a pi souvan ke nan lepase, tandiske pwotestasyon anti-gouvènmantal gen move konsekans sou ekonomi an, sa ki redui plis toujou revni Ayisyen yo ki te deja pa t anpil. Pandemi an, mete sou vyolans gang ap komèt, pote soufrans nan mitan fanmi yo, tandiske sa anpeche yo jwenn sèvis swen sante.

Anviwon 4 milyon 400 mil ayisyen, swa prèske mwatye popilasyon an, ap fè fas ak yon ensekirite alimantè “trè grav”, selon yon analiz Klasifikasyon Faz Entegre Sekirite Alimantè Òganizasyon Nasyonzini (IPC). Pandansetan, daprè kalkil UNICEF fè, 86 mil timoun ayisyen ki gen mwens ke 5 kan kapab viktim konsekans yon “malnitrisyon trè sevè” ane sa a, tandiske kantite a te 41 mil ane pase.

XS
SM
MD
LG