Accessibility links

Breaking News

Vil New York ap akeyi soti 19 pou rive 25 septanm 2017 la, 72e Asanble Jeneral Nasyon Zini a


 Batiman l ONU an nan New York
Batiman l ONU an nan New York

Se yon rande-vou anyèl ki reyini 193 manm oganizasyon mondyal la. “‘Priyorite pou Moun : Pè ak vi kòrèk pou tout moun sou yon planèt ki pwoteje », se tèm responsab yo retni pou sesyon sa a.

Komisyon ki travay sou tèm ak ajanda yo, pibliye dokiman sou kesyon ki gen arevwa ak edikasyon, konvansyon sou enviwonman, devlopman sosyal, komès entènasyonal, devloman imen, globalizasyon , teknoloji ak inovasyon, dlo ak sanitasyon, eksetera.

Prezidan 72e Asanble Jeneral sa a se Miroslav Lajčák ki se minis Afè etranjè peyi Slovaki. Eleksyon li te fèt nan dat 31 me 2017 la pa aklamasyon. Mesye Miroslav Lajčák ranplase Peter Thomson ki, nan yon seremoni, te resevwa gwo konpliman nan men Sekrete jeneral l'ONU an António Guterres ak Sekretè jeneral adjwen an, Catherine Pollard

Sesyon òdinè sa ap dewoule nan moman Kore di Nò kontinye ap defye l’ONU ak tout kominote entènasyonal la avèk pakèt tès misil li yo; nan moman kriz siryen an rete antye avèk yon soutyen renouvle peyi Larisi pou Prezidan anplas la Bashar al Assad ; nan moman lit kont teworis la toujou nan aktyalite ak Gwoup Eta Islamik la ki kontinye ap fè san koule .

Yon lòt kote, nan yon pèspektiv rejyonal, Ayiti ta dwe suiv ak enterè diskou prezidan Donald Trump madi 19 septanm nan ki petèt ka abòde dosyen imigrasyon an. Prezidan Ayisyen an Jovenel Moise ki twouve nan New York depi dimanch 17 septanm ap pran lapawòl sou trbin l'ONU an jedi 21 septanm nan maten. Li ta sipoze genyen yon rankont ak kèk responsab wo plase òganizasyon mondyal la. Prezidan Jovenel Moise nan menm jounen 21 septanm lap bay yon konferans pou laprès avan li rankontre kominote ayisyèn nan nan New York.

XS
SM
MD
LG