Accessibility links

Breaking News

Sesyon anyèl Asanble Jeneral Òganizasyon Nasyon Zini an ap ouvè madi 20 septanm 2011 la


Ofis Nasyonzini an nan Nouyòk
Ofis Nasyonzini an nan Nouyòk

Sesyon anyèl Asanble Jeneral Òganizasyon Nasyon Zini an ap ouvè madi 20 septanm 2011 la nan Nouyòk kote plis pase 100 lidè mondyal ap reyini pou yo abòde yon gwo lis pwoblèm –pami yo genyen kreyasyon yon Eta palestinyen, avni Libi aprè Kadhafi, ak maladi ki pa enfektyèz yo.

Youn nan dosye ki pral domine kalandriye travay patisipan yo se kesyon pou yon Eta palestinyen ta vin manm l’ONU –men ap genyen divès lòt tèm diskisyon tankou tranzisyon politik la nan Libi.

Semèn pase a, yon gwo kokenn majorite nan Konsèy Sekirite l’ONU an te vote pou pèmèt Konsèy Nasyonal Tranzisyon an okipe plas Libi te genyen nan Asanble Jeneral òganizasyon mondyal la; yon aksyon ki montre l’ONU rekonèt fen rejim Kadhafi a.

Prezidan ameriken an, Barack Obama, rive Nouyòk lendi avèk yon kalandriye byen chaje. Misye Obama genyen pou l rankontre ak Prezidan Konsèy Nasyonal Tranzisyon an nan Libi, Mustafa Abdel Jalil, e ak Prezidan Salva Kiir, lidè yon peyi ki fèk fonde e ki reprezante pi nouvo manm l’ONU --an palan de Sid Soudan.

Pi ta nan semèn nan, Prezidan ameriken an pral fè chita-tande avèk Premye Minis izrayelyen an, Benjamin Netanyahu. Misye Obama pral pran lapawòl devan Asanble Jeneral l’ONU an mèkredi 21 septanm nan.

Lendi kèk fanm politik ki te gen nan tèt yo Sekretè Deta ameriken an, Hillary Clinton, ak Prezidan Brezil la, Dila Rousseff, te lanse apèl pou yo mande pou fanm yo jwe yon pi gwo wòl nan zafè mondyal yo. Daprè etid ak estatistik l’ONU, fanm reprezante mwens ke 10% lidè mondyal yo.

XS
SM
MD
LG