Accessibility links

Breaking News

Konferans Nasyonzini Sou Gran Pwen K ap Domine Ayiti


Anbasadè Susan Rice
Anbasadè Susan Rice

Dènye sesyon Konsèy Sekirite Nasyonzini an ki dewoule byen bonè semèn sa a te chita sou gran pwen k ap domine lavi nan peyi Dayiti soti depi sou eleksyon, an pasan pa sitiyasyon imanitè ak epidemi kolera a pou rive nan retou ansyen prezidan avi Jean-Claude Duvalier.

Jacquelin Belizaire ap prezante pozisyon gouvènman Lèzetazini sou dosye Ayiti a.

Klike sou ikon ki anwo e adwat atik la pou w tande repòtaj sa a.

Nan okazyon sesyon Nasyonzini sa a, reprezantan Etazini nan l’ONU an, Susan Rice te fikse pozisyon gouvènman ameriken an sou dosye Ayiti a . Li abòde 4 gran pwen mwen sot site yo.

Sou dosye elektoral la, Anbasadè Rice di Etazini byen akeyi rapò ekspè komisyon verifikasyon Oganizasyon Eta Ameriken yo sou rezulta premye tou eleksyon prezidansyèl la. Li kontinye pou l di Etazini egzòte KEP a pou l aplike rekòmandasyon OEA yo.

Soutyen kominote entènasyonal la, pami yo Etazini, egzije yon pwosesis kredib ki reflete volonte pèp ayisyen an ke li te eksprime ak yon bultend vòt yo. Etazini soutni deklarasyon Sekretè Jeneral Nasyonzini an te fè le 8 desanm 2010 la ki eksprime angajman l’ONU pou eleksyon lib e onèt ki reflete volonte ayisyen yo .

Madam Rice di ankò, Etazini egzòte responsab ayisyen yo pou tabli yon kalandriye elektoral rapid ak rekòmandasyon ekspè OEA yo ---kalandriye k ap gen landann rezilta premye tou eleksyon yo ak dat pou 2e tou yo --- e fò sa fèt yon fason pou mete pèp la an konfyans konsènan pwosesis la.

Dikatè ayisyen an Jean-Claude Duvalier
Dikatè ayisyen an Jean-Claude Duvalier
Nan konferans la, Anbasadè Rice te tou pwofite abòde retou ansyen Prezidan Jean-Claude Duvalier ann Ayiti: "Etazini gen kè sote pou konsekans moun pa ka prevwa retou Duvalier a kapab genyen sou sitiyasyon politik Ayiti a. Gouvènman ameriken an klè sou pakèt abidwa zimen gouvènman Duvalier ak zak koripsyon ki te fèt lè l te sou pouvwa. Sitiyasyon an sanble fluyid e gouvènman ayisyen an sanble fè premye demanch yo pou Duvalier vinn reponn pou zak li ta komèt yo"

Anbasadè Eatzini an nan l’ONU pwofite bat bravo tou pou travay Misyon Nasyonzini pou Estabilizasyon Ayiti a (MINUSTAH): "Yon lòt fwa anko , gouvènman peyi m remèsye fanm ak gason vanyan nan MINUSTAH pou bèl travay y ap fè ak Polis Nasyonal la e fè pwomosyon pou sekirite ak estabilite ann Ayiti. Nou swete MINUSTAH kontinye travay pou founi yon anviwonman sekyritè pandan peryòd ensètyd peyi a ap travèse a. Ayiti pa gen espwa si pa gen sekirite”

Konferans Nasyonzini Sou Gran Pwen K ap Domine Ayiti
Konferans Nasyonzini Sou Gran Pwen K ap Domine Ayiti

Etazini bat bravo pou kowòdinasyon ak wòl lidèchip minis Sante piblic ayisyen an ak popiasyon an jwe pandan kriz epidemik kolera a. Eatzuni ap kontinie travay ak Ministè Sante Piblik la ak Nasyonzini, patnè ONG ak lòt òganizasyon k ap bay asistans yo.

Anbasadè Rice prezante pozisyon Washington sou pwosesis rekonstriksyon apre kokenn tranblemanntè ki te frape Ayiti sa gen anviwon yon lane. Li lanse yon apèl pou peyi ki te fè Ayiti pwomès nan Konferans donatè a, li di tou Etazini dej depanse 332 milyon dola nan angajman yon milya 15 milyon dola sou 2 zan pou plan rekonstriksyon Ayiti a.


XS
SM
MD
LG