Accessibility links

Breaking News

Turki: Arestasyon yon Ansyen Chèf Lame ki t ap Konplote Kont Gouvènman an


Jeneral Ilker Basbug (foto achiv)
Jeneral Ilker Basbug (foto achiv)

Yon ansyen jeneral an chèf lame peyi Turki a, Ilker Basbug, jwenn arestasyon l poutèt li ta swadizan mare konplo pou kapote gouvènman Premye-minis turk la, Recep Tayyip Erdogan.

Avoka k ap defann Jeneral Basbug la fè konnen otorite yo femen Basbug nan prizon anba akizasyon kòmkwa li ta nan tèt yon òganizasyon teworis.

Yon komisè gouvènman an te mande pou mete Basbug anba kòd apre non l te site kòm sispèk nan yon efò pou mennen kanpay sou Entènèt la pou destabilize gouvènman Mesye Erdogan nan ki baze sou relijyon Islam nan.

XS
SM
MD
LG