Accessibility links

Breaking News

Etazini: Prezidan Trump Di Tout Bagay Ap Mache Byen nan la Mezon Blanch a 100 pou 100

Prezidan ameriken an, Donald Trump, nan mitan antoure ak Senatè majorite Repibliken Mitch McConnell pou eta Kentucky, a goch, Vis Prezidan Mike Pence, Lidè majorite nan chanm depite a Kevin McCarthy, eta California, depite Whip Steve Scalise, Chèf diplomasi amerikèn nan Rex Tillerson.

Nan imaj dinite, Prezidan Etazini an Donald Trump pran lapawòl nan yon retrèt ak plizyè palmantè repibliken ak manm kabinè li a nan Camp David nan Thurmont, eta Maryland, samdi 6 janvye 2018 la.

Nan okazyon an, prezidan an bat bravo pou kèk konsiltasyon ki pa ofisyèl li fè sou priyorite yo nan Kongrè a pou ane 2018 la. Retrèt sa a dewoule nan moman genyen yon gwo polemik nan okazyon soti liv jounalis Michael Wolff (Fire and Fury) ki lage dout sou kapasite Prezidan Trump pou l dirije peyi a.

Nan retrèt sa a, lokatè Mezon Blanch la montre l se yon lidè ki gen asirans kote l deklare: " Nou byen pare pou 2018 la, e nou te fini ane 2017 la ak anpil fos". Plizyè gwo lidè repibliken tankou vis-prezidan an Mike Pence san bliye Paul Ryan ak Mitch McConnell, te pran la pawol pou fè lwanj pou travay yo.

XS
SM
MD
LG