Accessibility links

Breaking News

Prezidan Trump Siyen Lwa sou Refòm Taks la Avan li Ale Florid pou Fèt Nèwl la


Prezidan Donald J. Trump pandan li tap siyen lwa sou rediksyon taks Ozetazini an ki se yon refòm nan jan kontribyab ameriken yo peye enpo sou lerevni. Mezon Blanch 22 desanm 2017.
Prezidan Donald J. Trump pandan li tap siyen lwa sou rediksyon taks Ozetazini an ki se yon refòm nan jan kontribyab ameriken yo peye enpo sou lerevni. Mezon Blanch 22 desanm 2017.

Prezidan ameriken an, Donald Trump, acheve pi gwo siksè lejislatif li reyalize pandan premye ane li sou pouvwa a, avèk siyati jodi vandredi 22 desanm 2017 la-- yon lwa ki pral pote refòm nan sistèm taks peyi a, refòm ki pral wete yon trilyon 500 milyon dola sou taks kontribyab yo ap peye.

Seremoni siyati sa a dewoule nan Washington avan Misye Trump te kite vil sa a pou l ale pase fèt fen dane yo nan Eta Florid. Lidè ameriken an ki tap selebre fen pi bèl semenn adminstrasyon li a deklare li te vle reyalize, anvan jou Nwèl la rive-- angajman li te pran pou l siyen.

Prezidan Trump di,"Lwa ki pote pi gwo rediksyon nan taks moun peye Ozetazini e pi gwo refòm nan tout istwa peyi a."

An menm tan tou, lokatè Mezon Blanch la siyen yon lwa akou-tè

m ki pral finanse operasyon gouvènman pou jous mitan mwa janvye 2018 la. San lwa a sa a (ke tou le 2 caham yo te vote yè jedi a) Leta federal ameriken pa tap gen lajan pou l travay apati de minui jodi vandredi 22 desanm nan.

XS
SM
MD
LG