Prezidan ameriken an, Donald Trump, repete, nan jounen lendi 11 novanm 2019 la, atak li te deja lanse sou ankèt lidè demokrat yo nan Chanm Bas la lanse kont li e ki kapab debouche sou jijman li pou vyolasyon grav konstitisyon an pou avantaj politik pèsonèl li. Misye Trump relanse atak li yo 2 jou anvan pwosesis ankèt la rive nan faz kote komisyon lachanm nan gen pou kòmanse tande depozisyon piblik sou afè a.
Anvan lidè ameriken an te patisipe nan yon seremoni ki dewoule nan New York pou rann omaj pou fòzame Lèzetazini yo nan okazyon Jounen Veteran yo, li te ekri sou kont Twitter li pou l di Depite Adam Schiff, prezidan youn nan komisyon yo e ki nan tèt ankèt pou jije prezidan an, « fè mank e melanj » evèk transpozisyon ekri deklarasyon 8 ofisyèl ki deja fè depozisyon yo pandan semèn ki fèk pase yo nan seyans ki dewoule ak tout pòt fèmen nan yon chanm byen sekirize nan Kongrè a; daprè prezidan an, Misye Schiff fè sa san li pa prezante okenn prèv.
Daprè tranpozisyon ekri depozisyon yo, kèk ofisyèl nan sektè diplomatik la ak sektè sekirite nasyonal la (aktyèl ak ansyen) bay detay sou fason Prezidan Trump ak pwòch kolaboratè li yo te fè presyon sou Peyi Ikrèn pou l te lanse ankèt sou youn nan prensipal rival demokrat prezidan an nan eleksyon prezidansyèl 2020 an, swa ansyen Vis Prezidan Joe Biden, sou travay yon pitit-gason li, Hunter Biden, t ap fè pou yon konpayi petwòl ikrenyen, e pou otorite ikrenyen yo kore pawòl ki di se Ikrèn ki te mele nan eleksyon prezidansyèl 2016 la Ozetazini, e non pa Larisi jan sèvis espyonaj ameriken an te fin pa detèmine sa a. Prezidan Trump mande : « Eske Repibliken yo pa ta dwe pibliye pwòp transpozisyon ekri pa yo ?» https://twitter.com/realDonaldTrump/status/1193896275093184512