Prezidan ameriken an, Donald Trump, te mete yon kach-ne sou figi li an piblik pou la premye fwa samdi 11 jiyè 2020 an pandan li t ap vizite manm lame ameriikèn nan nan yon lopital militè tou pre vil Washington. Pandan lidè ameriken an t ap pale ak laprès anvan l te pran elikoptè Marine One nan pou yon ti travèse tou kout ki te mennen li nan Sant Medikal Militè Nasyonal Walter Reed la, nan vil Bethesda, nan Eta Maryland, li te di jounalis yo:
“Mwen te kont lide pou moun mete mas nan figi yo; men mwen gen konviksyon genyen yon plas ak yon moman pou sa.”
Sa gen anviwon 2 semèn prezidan an te deklare li pa t bezwen pran okenn prekosyon kont kowonaviris, paske tout moun ki alantou l yo se moun ki teste regilyèman.
Pandan Misye Trump te nan Walter Reed la, li te mete yon kachne nwa nan figi li e manm ekip sekirite li ak responsab yo nan sant medikal la te fè menm bagay la. Li pase mwens ke 1 nèdtan ap vizite malad yo ak manm pèsonèl la; li fè konnen li konsidere yo kòm “gran ewo nou yo, ewo blese nou yo”; yo se “konbatan k ap goumen nan premye pozisyon nan lagè kont KOVID-19 la.”
Prezidan Trump fè deplasman sa a nan moman kantite ka enfeksyon kowonaviris yo anrejistre yon gwo kokenn ogmantasyon Ozetazini, peyi ki kontinye okipe premye plas la nan lemond pou kantite ka enfeksyon yo ak kantite moun ki mouri yo.
.