Accessibility links

Breaking News

Prezidan Trump Siyen yon Lwa ki pèmèt Dekesman 484 Milya Dola pou Ede Biznis ak Lopital Sipòte Frap Kowonaviris la


Prezidan Donald Trump ki te kenbe nan men l lwa sou asistans ekonomik ki pral ofri kòm yon fon lajan dirèk 484 milya dola pou ti biznis yo, lopital yo e pou fè tès k ap montre si yon moun gen kowonaviris. (Salon Oval La Mezon Blanch, Washinton DC., vandredi 24 avril 2020).
Prezidan Donald Trump ki te kenbe nan men l lwa sou asistans ekonomik ki pral ofri kòm yon fon lajan dirèk 484 milya dola pou ti biznis yo, lopital yo e pou fè tès k ap montre si yon moun gen kowonaviris. (Salon Oval La Mezon Blanch, Washinton DC., vandredi 24 avril 2020).

Prezidan ameriken an, Donald Trump, siyen nan jounen vandredi 24 avril 2020 an yon lejislasyon ki ofri 484 milya dola asistans pou ede mèt tibiznis yo ak lopital yo k ap redi anba gwo presyon pandemi kowonaviris la mete sou yo; jiska prezan maladi a touye plis pase 50 mil ameriken e li koze gwo devastasyon nan ekonomi an.

Lejislasyon –ki tounen yon lwa depi Prezidan an fin siyen l nan- se dènye eleman nan efò gouvènman federal la ap deplwaye pou l ede biznis ki te oblije fèmen pòt yo oubyen ki te obliye chanje fason yo opere; asistans sa a pral ede yo reprann oubyen kontinye aktivite yo. Seremoni siyati a dewoule nan moman kote eta ameriken yo ap eseye bloke pwopagasyon viris la.

Pandan 5 semèn ki pase yo, anviwon 26 milyon moun aplike Ozetazini pou yo jwenn asistans chomaj –swa apeprè yon travayè ameriken sou 6. Prezidan Trump deklare:

“Mwen di Kongrè a mèsi poutèt li tande apèl mwen te lanse pou m mande l apwouve asistans sa a ki tèlman enpòtan. Sa se yon gwo kokenn chenn viktwa.”

Sepandan si lejislasyon an te pase nan 2 chanm yo avèk fasilite, sa kite sou chemen an yon gwo obstak manm Kongrè a pral genyen pou yo janbe lè yo va ap anvizaje vote lòt pwojèò-lwa ou pwopozisyon-lwa pou yo ajoute sou pwogram asistans la plis kòb ki va nesesè pou gouvènman an kontinye fè fas ak kriz sante kowonaviris la kreye nan peyi a.

XS
SM
MD
LG