Accessibility links

Breaking News

Prezidan Donald Trump ap Vizite Las Vegas 3 Jou Apre yon Atak te Fè 58 Mò e Plis Pase 500 Blese nan Vil Sa a


Ansèy yon moun ka wè si ou ale vizite Las Vegas: "Welcome to Fabulous Las Vegas"
Ansèy yon moun ka wè si ou ale vizite Las Vegas: "Welcome to Fabulous Las Vegas"

Ozetazini, Prezidan Donald Trump ap vizite Las Vegas mèkredi 4 oktòb 2017 la, nan moman anketè yo nan vil sa a kontinye ap chache konnen poukisa yon nèg ame ki te nan chanm yon otèl plizyè etaj te atake moun ki tap asiste yon festival, kote li te touye omwen 58 moun epi li pran pwòp vi li.

Anvan misye Trump te kite Washington pou l ale Las Vegas nan kòmansman jounen mèkredi a, li fè deklarasyon sa a bay laprès:

Prezidan Donald Trump, avèk Premyè Dam nan Melania Trump, ki tap pale ak laprès anvan li te monte abò Marine One sou gazon sid Mezon Blanch la nan Washington, mèkredi 4 oktòb 2017 la, anvan li ale Las Vegas.
Prezidan Donald Trump, avèk Premyè Dam nan Melania Trump, ki tap pale ak laprès anvan li te monte abò Marine One sou gazon sid Mezon Blanch la nan Washington, mèkredi 4 oktòb 2017 la, anvan li ale Las Vegas.

“Nou pral prezante dènye omaj nou bay viktim yo epi rankontre ak polisye yo ki fè yon travay ekstrawòdinè nan yon tan tout kout. E wi: Lapolis ap resevwa plis enfòmasyon sou sa k pase a e yo va fè yon anons sou sa nan moman apwopriye a. Se yon jou ki trè, trè tris pou mwen pèsonèlman.”

Prezidan an ajoute li konsidere atakan an kòm “yon moun ki malad e ki fou”; men otorite yo ranvwaye dat kote yo va tanmen deba sou nouvo lwa konsènan posesyon ak itilizasyon zam Ozetazini.

Otorite yo idantifye atakan kòm yon blan 64 tran; non li se Stephen Paddock. Li te pase ant 9 e 11 minit ap tire sou yon foul moun pandan li te rete sou 32èm etaj yon otèl ki rele Mandalay Bay Resort and Casino. An plis 58 moun ki mouri yo, gen plis pase 500 lòt ki blese nan atak la.

XS
SM
MD
LG