Accessibility links

Breaking News

Reyaksyon Apre Retrè Lèzetazini nan Akò Entènasyonal sou Pwogram Nikleyè Iran an.


MisyeTrump ki t ap siyen memorandum prezidansyèl ki wete Lèzetazini nan Akò Entènasyonal sou Pwogram Nikleyè Iran an. (Foti: AP/Evan Vucci).
MisyeTrump ki t ap siyen memorandum prezidansyèl ki wete Lèzetazini nan Akò Entènasyonal sou Pwogram Nikleyè Iran an. (Foti: AP/Evan Vucci).

Apre prezidan ameriken an, Donald Trump, te pase plizyè ane ap kritike Akò Entènasyonal sou Pwogram Nikleyè Iran an, nan jounen madi 8 me 2018 la li anonse finalman li wete Lèzetazini nan aplikasyon akò a e li pral remete sanksyon byen sevè sou Teyeran.

Pou Prezidan Donald Trump te kalifye akò milti-nasyonal la -depi li te kandida a la prezidans e pandan 16 mwa li deja pase sou pouvwa a- li te itilize mo ak ekspresyon tankou "yon akò monn fou", "yon veritab dezas" , "akò ki pi enbesil moun janm siyen sou latè." Se konsa li te pale plizyè fwa de akò sa a ke Iran te siyen an 2015 avek 6 puisans mondyal, pami yo genyen Lèzetazini.

Aprè lidè ameriken an te fin fè anons la, li te ofri yon enetèpretasyon pou desizyon li pran pou l kite akò milti-nasyonal la. Prezidan Trump di:

"Aksyon nou pran jodi a voye yon mesaj tyrè-trè zenpòtan: se mesaj ki di Lèzetazini sispann fè menas vid. Lè nou fè yon pwomès, nou kenbe pwomès nou."

E se san pèdi tan Prezidan Trump pran dispozisyon pou l re-enpoze sanksyon ekonomik sou Iran. Se san pèdi tan tou prezidan iranyen an, Hassan Rouhani bay reyaksyon li, kote li lanse avètisman pou l di Iran pral rekòmanse pwodui iranyòm anrichi si akò 2015 la tonbe. Misye Rouhani deklare:

Manifestan Iranyen liyn-di ki t ap boule drapo ameriken an pandan yon demonstrasyon an fas anbasad amerikèn nan nan Teyeran, kapital Iran, mèkredi 9 me 2018 la. Se yon reyaksyon apre Prezidan Donald Trump te anonse desizyon li pran pou l wete Lèzetazini nan akò nikleyè Iran an epi remete sanksyon ekonomik sou Teyeran.
Manifestan Iranyen liyn-di ki t ap boule drapo ameriken an pandan yon demonstrasyon an fas anbasad amerikèn nan nan Teyeran, kapital Iran, mèkredi 9 me 2018 la. Se yon reyaksyon apre Prezidan Donald Trump te anonse desizyon li pran pou l wete Lèzetazini nan akò nikleyè Iran an epi remete sanksyon ekonomik sou Teyeran.

"Mwen deja pase lòd pou Oganizasyon Enèji Atomik nou an prepare l pou l pase alaksyon si sa nesesè ... yon fason pou n kapab re-lanse endistri anrichisman iranyòm nou an yon fason san limit, si sa nesesè."

Anpil alye Lèzetazini te fè damach bò kote Prezidan Trump pou l pa t wete Lèzetazini nan akò a. Pa egzanap, prezidan fransè a, Emmanuel Macron, ak minis afè etranjè britanik la, Boris Johnson, te fè deplasman an vin Washington pou yo te eseye pran tet Misye Trump e fè l chanje lide; men sete an ven. Chèf diplomasi La Grann Bretay la te pale ak laprès aprè yon vizit nan Depatman Deta a.

<< Ou pa kapab fè yon bagay konsa; se kòmsi ou te voye bebe a jete ak tout dlo twalèt la. Ou pa ka fè sa san w pa mete tout pwosesis la tèt anba. Paske si ou fè sa, ou dwe poze tèt ou kesyon e mande: “E aprè?” >>

Grann puisans ki te siyen akò sa a ak Teyeran se Lagrannbretay, Lafrans, Larisi, Lachin, Lalmay avèk Lèzetazini.

XS
SM
MD
LG