Accessibility links

Breaking News

Prezidan Trump Siyen yon Dekrè pou Lèzetazini Bati yon Miray Ozalantou Frontyè li ak Meksik

Prezidan Donald Trump pandan vizit li, ak Vis-Prezidan Mike Pence, agoch e ak Sekretè Deta pou Sekirite Teritoryal Etazini an, John F. Kelly, nan Depatman Sekirite Teritoryal la nan Washington DC, 25 janvye 2017.

Mèkredi 25 janvye 2017 la Prezidan Ameriken an, Donald Trump, pran yon dekrè sou imigrasyon kote li pase lòd pou yo kòmanse bati yon gwo miray nan zòn sid peyi a sou fwontyè ki separe Lezetazini ak Meksik pou anpeche imigran san dokiman legal rantre nan Ozetazini.

Frontyè ant Etazini ak Meksik nan zòn Tijuana, Meksik, 25 janvye 2017.
Frontyè ant Etazini ak Meksik nan zòn Tijuana, Meksik, 25 janvye 2017.

Pou sa k konsène fon lajn gouvènman federal la bay vil amerikèn yo, Prezidan Trump menm menase pou l bloke fon sa a pou l pa rive jwenn vil ki vle sèvi kòm yon abri imigran ki san dokiman legal yo.

​Prezidan Trump siyen dekrè sou imigrasyon sa a pendan vizit li nan depatman Sekirite Teritoryal la, yon ajans federal ki responsab pou pwoteje fwontyè peyi Etazini.

XS
SM
MD
LG