Accessibility links

Breaking News

Prezidan Trump Rejte Nouvèl sou Dezòd ki ta Genyen nan La Mezon Blanch

Prezidan Donald Trump ki tap pale nan La Mezon Blanch nan Washington pandan yon rankont ak lidè Repibliken Chanm Reprezantan an sou yon pwojè-lwea sou sante, madi 7 mas 2017 la.
Prezidan Donald Trump ki tap pale nan La Mezon Blanch nan Washington pandan yon rankont ak lidè Repibliken Chanm Reprezantan an sou yon pwojè-lwea sou sante, madi 7 mas 2017 la.

Ozetazini, Prezidan Donald Trump ap eseye bese enpòtans nouvèl ki fè konnen La Mezon Blanch tonbe nan gwo dezòd ak divizyon. Misye Trump ekri madi 7 mas 2017 la nan kont Twitter li kote li di plizyè milyon moun kap suiv li:

“Pa kite moun kap bay fo nouvèl yo, nouvèl envante yo, fè nou konprann otorite nan administrasyon Trump la ap batay antre yo. Okontrè, nou antann nou trè byen, e nap reyalize travay ki pi enpòtan yo.”

Prezidan Trump fè deklarasyon sa a plizyè jou apre gwo jounal ameriken yo te pibliye nouvèl ki di lidè Lèzetazini an pa kontan ak pwòch kolaboratè li yo poutèt yo ta mal jere kontwovès ak pawòl-anpil ki pete akoz jan misye Trump konpòte l depi li rive sou pouvwa a.

Se dènye reyaksyon an dat prezidan ameriken an kont rezo jounal, radyo ak televizyon tradisyonèl yo Ozetazini ki ekri e difize repòtaj ki bay detay sou sa kap pase nan koulis sa laprès rele “La Mezon Blanch Trump la”, repòtaj ki baze sou nouvèl yo jwenn nan sous ki pale a kondisyon pou non yo pa site, oubyen nan dokiman ki fuite.

Estratèj politik prensipal administrasyon Trump la, Steve Bannon (ofon, adwat) tap koute Prezidan Donald Trump ki tap pale nan yon meeting konsènan sekirite sou entènèt la nan Salon Roosevelt la nan La Mezon Blanch nan Washington.

Pi fò konfli sa a santre sou pwòp aksyon Misye Trump oubyen pwòch kolaboratè li yo poze; ansuit, pa egzanp, prezidan an te kite nan men kolaboratè sa yo responsablite pou yo defann deklarasyon prezidan an te fè pou l di kòmkwa predesesè li a, Barack Obama, te fè mete sou tab-dekout ane pase katye-jeneral Trump la nan New York ansanm ak kontak asistan Misye Trump yo te pran ak otorite Larisi yo pandan eleksyon prezidansyèl novanm 2016 la ak mwa ki te vini apre vòt la.

XS
SM
MD
LG