Accessibility links

Breaking News

Diskou sou Eta Inyon an - Prezidan Trump Di: "Etazini Te Toujou Reprezante yon Limyè pou Lemond"


Prezidan Donald Trump pandan li t ap prezante "Diskou sou Eta Inyon an"
Prezidan Donald Trump pandan li t ap prezante "Diskou sou Eta Inyon an"
Prezidan ameriken an, Donald Trump, te mete fen nan premye Diskou sou Eta Unyon an li prezante devan 2 chanm Kongrè a avèk yon rapèl kote li fè sonje se "Swaf pou libète ki te pèmèt kreyasyon yon peyi espesyal ki rele Lèzetazini d Amerik sa gen preske 250 ane."
Misye Trump di : <<Peyi sa a sete rezidans yon pèp enkwayab ki te genyen yon ide revolisyonè: Se pou yo te dirije tèt yo pou kont yo... yo te kapab kreye pwop detine yo... epi, ansanm, yo te kapab pote limyè nan lemond: se sa Ameriken te toujou reprezante, se pou sa yo te travay di e se pou sa yo pral toujou fè efò.>>
Donald Trump fè konnen Lèzetazini se "yon pèp ki gen ewo ki twouve yo non sèlman nan le pase, men tou yo toutotou nou -yap defann lespwa, fyète, e yap defann fason Ameriken fè bagay yo, "la mode de chez les Américains."
Lidè ameriken an ajoute: "Osi lontan ke nou fyè de sa nou ye a e de sa ki reprezante koz batay nou yo, pa gen anyen nou pa kapab reyalize."
XS
SM
MD
LG