Accessibility links

Breaking News

Prezidan Ameriken Kalifye 'Pozitif e Respektye' Vwayaj li sou Kontinan Azyatik la


Prezidan ameriken Donald trump nan mitan ak Premye minis japonè a, Shinzo Abe, agoch, e premye minis Ostrali a Malcolm Turbull, adwat pandan somè ASEAN nan Filipin, lendi 13 novanm 2017 la.
Prezidan ameriken Donald trump nan mitan ak Premye minis japonè a, Shinzo Abe, agoch, e premye minis Ostrali a Malcolm Turbull, adwat pandan somè ASEAN nan Filipin, lendi 13 novanm 2017 la.

Prezidan Etazini an, Donald Trump, ap boukle yon vwayaj 12 jou li a nan 5 peyi sou kontinan azyatik la kote li sot chita sitou sou menas Kore di Nò ak echanj komèsyal. Prezidan Trump fè yon chita-tande lendi- 13 novanm 2017 la nan Maniy, peyi Filipinn ak Premye minis Ostrali a, Malcolm Turnbull ak lidè Japonè a, Shinzo Abe--rankont ki chita sou kowoperasyon ant 3 peyi yo sekirite nan rejyon an. Lidè ameriken an ki tap reyaji sou vwayaj 12 jou a an Azi a, fè yon deklarasyon pozitif sou virewon an.

"Se te yon vwayaj pozitif pou nou e, anmèmtan tou si nou vle pale kare pou anpil lòt peyi. Tretman yo banou, respè Japon, Lachinn , e an patikilye Kore di Sid demontre "anvè nou" paske nou te ale laba a. Nou apresye lefèt ke yo trete pèp peyi nou an, pèp Etazini an ak anpil respè."

Prezidan Trum ki tap patisipe nan Somè Asosyasyon peyi Sidès Azyatik-yo (ASEAN) deklare apre rankont li ak 2 lidè azyatik yo, lap gen pou fè yon deklarasyon enpòtan lè li retounen Washington sou echanj komèsyal ak sou menas Kore di Nò ki kontinye ak anbisyon nikleyè li yo . Prezidan ameriken an ap kite kontinan azyatik la demen madi a 14 novanm 2017 la.

XS
SM
MD
LG