Accessibility links

Breaking News

Etazini: Dekrè sou Entèdiksyon Vwayaj la Antre ann Aplikasyon nan Tout Entegralite l


 Sal darive Ayewopò Logan, Boston, Massachusetts. Foto 30 janvye 2017.
Sal darive Ayewopò Logan, Boston, Massachusetts. Foto 30 janvye 2017.

Isit Ozetazini, arete prezidansyèl sou restriksyon vwayaj la antre an aplikasyon nan tout aspè li jodi madi 5 desanm 2017 la pou la premyè fwa depi Prezidan Donald Trump te fin siyen li nan mwa janvye pase a.

Lendi 4 desanm nan, Lakou Siprèm rann yon desizyon pou mentni dekrè a, nan moman batay legal la ap kontinye nan tribinal baz enstans yo kont demach sa a. Desizyon pi gwo tribinal nan peyi a reprezante yon viktwa pou Prezidan ameriken an Donald trump.

7 nan jiris pi gran tribinal federal la vote an favè administrasyon an, sepandan, 2 ladan yo, an palan de Ruth Bader Ginsburg ak Jij Sonia Sotomayor, di blokis pasyèl ki egziste sou entediksyon vwayaj la ta dwe rete an plas.

XS
SM
MD
LG