Accessibility links

Breaking News

Premye Me: Jou Entènasyonal Travay - Selebrasyon ak Manifestasyon


Manifestasyon nan lari vil Barselòn, ann Espay, nan okazyon Jou Entènasyonal Travay la.
Manifestasyon nan lari vil Barselòn, ann Espay, nan okazyon Jou Entènasyonal Travay la.

Travayè ak manifestan toupatou atravè lemond ap obsève, nan jounen madi premye me 2018 la, Jou Entènasyonal Travay, avèk gwo rasanbleman e ak grèv pou yo mande gouvènman yo amelyore kondisyon travay yo epi rezoud lòt pwoblèm ki gen rapò ak travay.

Ozetazini nan okazyon Jou Travay la "dwa imigran" ak "dwa travayè" se tèm defile ki fèt nan Kalifòni, New York, Florid ak plizyè lòt eta. Javier Valdez, yon militan gwoup "Fè Wout pou New York", di: "Gouvènamn Trump la montre aklè li deklare lagè kont imigran yo nan tout nivo." Depi plizyè dizèn dane Ozetazini defansè dwa imigran yo patisipe nan aktivite ki make premye me a pou yo denonse lwa ki kont imigran. Nan okazyon Fèt Travay 2018 la, òganizatè yo fikse atansyon yo sou nesesite pou militan yo sòti al vote nan eleksyon palmantè novanm pwochen an.

Nan Moskou, kapital Larisi, 120 mil moun konsa defile depi Plas Wouj la pou rive nan divès ri nan yon parad yo fè pou make Jou Travay la. Nan St-Petersbourg plizyè santèn sitwayen patisipe nan yon selebrasyon pou yo denonse efò Kremlen an ap fè pou l limite libète sou Entènèt la.

Selebrasyon Jou Entènasyonal Travay la nan peyi Bangladèch
Selebrasyon Jou Entènasyonal Travay la nan peyi Bangladèch

Nan peyi Lespay defile fèt nan plis ke 70 vil pou mande egalite ant sèks yo, pi bon salè ak pi bon pansyon yo. Plizyè milye moun te prezan nan pi gwo manifestasyon an ki deoule nan Madrid kote patisipan yo bay yon demonstrasyon inite avèk slogan "Li lè pou nou ranpòte laviktwa."

Nan Sewoul, Kore di Sid, anviwon 10 mil sendikalis pran lari pou yo egzije yon pi bon salè minimòm ak lòt demand. Oganizatè defile sa a se Federasyon Sendika Komèsyal Koreyen an. Yo mande Leta apwouve yon salè minimòm $9,34 epi transfòme travay pwovizwa yo an travay pèmanan.

XS
SM
MD
LG