Accessibility links

Breaking News

Tranblemanntè sou Kòt Ès Lèzetazini : Eksplikasyon Enjenyè Jocelyn David


Otorite nan Sèvis Jewolojik Lèzetazini an fè konnen tranblemanntè ki souke pati lès peyi a madi 23 out 2011 la, se pi gwo soukous ki pase sou rejyon sa a depi ane 1944.

Sant tranblemanntè a te sitiye nan vil Mineral, nan eta Virgini, e li souke building ak kay moun k ap viv jous nan Ottawa, o Kanada.

Li te oblije responsab biwo ak antrepriz nan sektè piblik la kou sektè prive a, fè anplwaye sòti kite gwo building ki sou kòt ès Lèzetazini.

Nan Washington, ki sou yon distans 144 kilomèt ak sant soukous la, otorite yo pa t pran tan pou yo fèmen sant touristik yo ak moniman istorik yo pou yo te bay enspektè okazyon pou yo evalye eta sant ak moniman sa yo.

Lyonel Desmarattes pale ak enjenyè-jewològ Jocelyn David, ki baze nan Miami, nan Eta Florid, pou l ede nou konprann fenomèn sa a ki te deranje lavi nòmal la sou tout kòt ès Lèzetazini.

Aprè Misye David, Lyonel pale tou avèk kòlèg nou Serge Rodriguez ki rakonte kijan li te viv eksperyans la nan Washington.

Klike sou flèch ki anlè atik la pou w koute repòtaj sa yo.

XS
SM
MD
LG