Accessibility links

Breaking News

Repons Otorite Ameriken yo pou Kesyon Kap Poze sou Fen TPS la pou Ayisyen


IManifestan ki t ap pwoteste kont eliminasyon TPS la ki pwoteje kont depòtasyon anviwon 59 mil imigran Ayisyen kap viv Ozetazini. (New York, 21 novanm 2017).
IManifestan ki t ap pwoteste kont eliminasyon TPS la ki pwoteje kont depòtasyon anviwon 59 mil imigran Ayisyen kap viv Ozetazini. (New York, 21 novanm 2017).

Men kijan yon sesyon kesyon-repons te dewoule ant yon ofisyè Depatman Sekirite Enteryè Lèzetazini ak yon repòtè Lavadlamerik ki te bezwen enfòmasyon sou TPS (Stati Pwoteksyon Tanporè) ke yon afè de 59 mil imigran ayisyen benefisye Ozetazini. Youn nan gwo kesyon moun ap poze se: "Kisa ki ka rive benefisyè TPS yo lè pwogram sa a va pran fen nan dat 22 jiyè 2019?" Nou ka jwenn repons kesyon sa a ak lòt ankò nan dyalòg nou repwodui pi ba a.

---------------------------------------------------------------------------------------------

Kesyon 1: Kijan Depatman Sekirite Enteryè Lèzetazini pral rezoud pwoblèm benefisyè TPS ki ta rete Ozetaini pi lontan pase dat 22 jiyè 2019 la?

Repons 1: Administrasyon an pale klè pou l detaye priorite li nan sa k konsènen aplikasyon lalwa. Depatman Sekirite Enteryè pral kontinye santre atansyon li sou etranje ki komèt krim, sila yo ki resevwa lòd final pou depòtasyon yo ak sila yo ki, yon fason oubyen yon lòt, poze yon mesas pou sekirite piblik la e/oubyen pou sekirite nasyonal nou. Sepandan, depatman an pa pral fè eksepsyon pou okenn kategori moun oubyen klas moun kòmkwa pou otorite imigrasyon yo pa pran aksyon kont yo.

Kesyon 2: Yon fwa dat 22 jiyè 2019 la fin rive, kijan Depatman Sekirite Enteryè konte aplike desizyon ki bay moun yo jiska dat sa a pou imgrasyon pa pase alaksyon kont yo?

Repons 2: Delè 18 mwa nou fikse a pral pèmèt yon tranzisyon a la dous epi sa pral bay tan pou moun ki gen TPS yo chache lòt mwayen legal pou yo chanje stati yo Ozetazini si yo elijib pou sa; oubyen, si sa nesesè, pou yo prepare yo pou yo kite peyi a. Sa pral bay tan tou pou Ayiti prepare li pou retou ak re-entegrasyon sitwayen li yo. Sèvis Ladwann ak Imigrasyon pral travay avèk Depatman Deta e ak Gouvènman Ayisyen an nan yon pwogram edikasyn pou moun konsène yo epi pou garanti yon pwosesis ki fèt nan lòd.

Kesyon 3: Eske genyen yon posiblite kèlkonk pou nou chanje delè final la si kondisyon yo vin pi mal ann Ayiti –pa egzanp, si ta genyen dezòd sosyal oubyen si yon lòt dezas natirèl ta rive ankò?

Repons 3 : Nou pa fè kòmantè sou ipotèz, sou sipozisyon. Nou te deziye Ayiti pou TPS an 2010 aprè tranblemanntè ki te frape peyi a. Ansuit, an 2011, nou te re-deziye Ayiti pou TPS e, yon lòt fwa ankò, nou te baze desizyon an sou kondisyon ki te gen rapò ak tranblemanntè 2010 la oubyen ki te devlope aprè soukous la. Stati Pwoteksyon Tanporè a (TPS) pat fèt pou pote yon solisyon a lon-tèm oubyen pou ofri yon stati legal pèmanan pou sitwayen peyi etranje kap viv Ozetazini. Se Kongrè a --e Kongrè sèlman- ki gen dwa vini ak yon lwa pou pote yon solisyon pèmanan pou pwoblèm stati definitif yon imigran ki posede TPS aktyèklman e ki te viv, ki te travay pandan plizyè lane Ozetazini

Rony Ponthieux ki t ap bay pititfi li yon bo aprè yo tou le 2 te fin pale an favè renouvèlman TPS pou imigran Amerik Santral ak Ayiti nan yon konferans nan Miami. Dat: 6 novanm 2017. (Foto: AP/Lynne Sladky).
Rony Ponthieux ki t ap bay pititfi li yon bo aprè yo tou le 2 te fin pale an favè renouvèlman TPS pou imigran Amerik Santral ak Ayiti nan yon konferans nan Miami. Dat: 6 novanm 2017. (Foto: AP/Lynne Sladky).

Kesyon 4: Ki degre fleksiblite Depatman Sekirite Enteryè ap genyen pou l trete sitiyasyon yon moun ki aplike pou viza e kap tann yon desizyon toujou? Si sa pral pran plizyè lane anvan pou yon viza imigran vin disponib, èske Depatman an pral bay moun ki aplike a plis tan oubyen èske li pral tanmen demach depòtasyon an immedyatman?

Repons 4: Nan ka Ayitit a gen anviwon 59 mil moun ki benefisye TPS. Sou kantite sa a gen 16 mil moun ki aplike pou stati rezidan legal pèmanan oubyen ki jwenn rezidans apre yo te fin benefisye TPS la. Lè TPS la va fin elimine nèt, moun yo pral rejwenn stati imigrasyon yo te genyen anvan yo te resevwa TPS la, sòf si stati yo te genyen anvan gen tan ekspire. Kanta pou sila yo ki pa gen lòt stati, yo kapab aplike pou nenpòt ki lòt benefis imigrasyon –oubyen yo ka fè demand pou sa-- puiske gen lòt mwayen pou yo kalifye pou benefis sa yo. Sèvis Ladwann ak Imigrasyon pral konsidere sitiyasyon moun sa yo sou yon baz endividyèl, sa vle di ka pa ka.

Kesyon 5 : Ki plan gouvènman Lèzetazini an genyen pou jenn sitwayen ameriken ki gen paran ayisyen ki posede TPS? Eske jenn sa yo kapab aplike pou paran yo jwenn rezidans pèmanan Ozetazini?

Repons 5: Yon fwa TPS la va fini, moun yo pral retounen nan satiti yo te genyen anvan yo resevwa TPS la, amwens premye stati yo a ta deja ekspire. Sila yo ki pat genyen okenn lòt stati, kapab aplike e yo kapab resevwa tout lòt benefis imigrasyon, paske yo byen kapab kalifye pou benefis sa yo. Sèvis Ladwann ak Imigrasyon pral konsidere sitiyasyon yo yon fason separe, ka pa ka, sou yon baz endividyèl.

Seri kesyon/repons sou TPS la sou videyo, avèk Marie Luce Pierre.

Repons Otorite Ameriken yo pou Kesyon Kap Poze sou Fen TPS la pou Ayisyen
please wait

No media source currently available

0:00 0:05:01 0:00

XS
SM
MD
LG