Accessibility links

Breaking News

Nòt Depatman Sekirite Teritoryal Etazini an Ki Mete Fen nan TPS la pou Ayisyen yo


WASHINGTON- 20 novanm 2017- Minis Sekirite Teritoryal Ameriken an, Elaine Duke, anonse desizyon li pran pou mete fen nan Stati Pwoteksyon Temporè a, (TPS) pou ayisyen kite deja genyen l yo avèk yon delè 18 mwa yon fason pou pèmèt benefisyè yo fè aranjman pou tounen nan peyi yo avan 22 jiyè 2019, dat ekspirasyon defintif stati tanporè a. Desizyon sa a vini apre anons John Kelly, te fè an me 2017 lè li te okipe pozisyon minis sekirite teritoryal la avan Madanm Duke. Mesye Kelly te fè konnen Ayiti fè anpil pwogrè e ke li pa nesesè pou pwolonje TPS la pou ayisyen yo pou yon lòt 6 mwa ankò.

Desizyon pou mete fen nan TPS pou Ayiti vini apre yon etid ki montre peyi a pa elijib pou stati tanporè a sof si li pa tap an mezi pou l resevwa kòrèkteman resòtisan li yo jan lwa sou TPS la prevwa sa a. Dapre tout enfòmasyon yo genyen, avèk tout lòt rekòmandasyon yo te resevwa nan kad pwosesis renouvèlman stati tanporè a pou ayisyen yo, minis pwovizwa Sekirite Teritoryal Etazini an, Elaine Duke, detèminè gwo kondisyon, men ki te tanporè apre tranblemandtè 2010 ann Ayiti a pa ekziste ankò, kidonk nan kad aplikasyon lwa a, Ayiti vin pa kalifye pou TPS.

Madam Duke te rankontre ak Minis Afè etranjè ayisyen an, Antonio Rodrigue ansanm ak anbasadè Ayiti a Ozetazini, Paul Altidor sa pa gen lontan nan Washington kote yo te diskite sou TPS la pou benefisyè ayisyen yo.

Pandan ane 2017 la sèlman, sèvis imigrasyon ak sitwayènte ameriken te òganize yon seri gwo reyinyon atravè peyi a pou imigran ayisyen yo kote yo te debat epi pataje enfòmasyon avèk lidè nan kominote ayisyèn nan, legliz, reprezantan gouvènman ayisyen yo Ozetazini sou dosye TPS la.

Depi apre tranblemandtè 2010 la, kantite moun ki te san zabri yo diminye. Kote 97 pousan nan yo pa nan abri pwovizwa ankò. Gwo mezi te pran pou amelyore kondisyon, stabilite ak kalite vi moun yo. Ayiti an mezi kounye a pou resevwa kantite resòtisan li yo. Peyi a demontre tou angajman nan kad preparasyon l pou resevwa sitwayen sa yo lè TPS la va rive nan bout li.

Nan mwa me 2017, Minis Kelly, te anonse yon pwolojnman TPS tou-kout pou ayisyen yo kote li te di li kwè si Ayiti kontinye fè pwogrè menm jan lap fèl la apre tranblemandtè a ayisyen pap bezwen stati pwoteksyon tanporè a apre janvye 2018. Nan desizyon Minis Kelly te pran, li te pwolonje TPS la pou 6 mwa pou, swa ase tan pou yo benefisyè yo kapab jwenn dokiman vwayaj yo epi fè aranjman ki nesesè pou yon depa definitif sou teritwa ameriken an. Dapre Minis Kelly, 6 mwa a ta dwe bay gouvènman ayisyen an ase tan pou l prepare l pou rapatriman evantyèl benefisyè TPS yo.

Pou pèmèt yon tranzisyon an òd, yo avanse dat fen TPS la pou me 2019, swa anviwon 18 mwa. Desizyon sa va pèmèt moun ki gen TPS yo fè aranjman pou depa yo oubyen pou chache lòt stati legal ki kapab pèmèt yo rete viv Ozetazini si tout fwa yo kalifye pou sa.

Dènye desizyon a ta dwe pèmèt tou Ayiti prepare l pou retou ak re-entegrasyon sitwayen l yo nan peyi a. Pandan delè 18 mwa a, sèvis imigrasyon ameriken pral travay ak depatman Deta, lòt sèvis nan Depatman sekirite teritoryal Etazini an ansanm ak gouvènman ayisyen an, ak tout moun ki konsène yo yon fason pou tranzisyon an kapab fèt an òd.

Pandanstan, ayisyen ki gen TPS yo ap gen dwa reyaplike pou kat travay, yap kapab tou kontinye mennen biznis yo Ozetazini jiskaske delè pou TPS la fini an rive nan bout li.

Lòt detay sou fen TPS la pou ayisyen yo gen pou piblye nan yon rejis gouvènman Federal ameriken an.

XS
SM
MD
LG