Accessibility links

Breaking News

Konprann Pibyen Stati Pwoteksyon Tanporè a, TPS (2zyèm pati kesyon repons)


Demonstrasyon devan yon tribinal federal nan New Orleans an fave1 imigran ki jwenn pwoteksyon nan men kèk eta Ozetazini malgre yo pa gen dokiman legal nan men yo. 22 septanm 2017.
Demonstrasyon devan yon tribinal federal nan New Orleans an fave1 imigran ki jwenn pwoteksyon nan men kèk eta Ozetazini malgre yo pa gen dokiman legal nan men yo. 22 septanm 2017.
Avoka Imigrasyon Stephany Green ap reponn kesyon Lavwadlamerik sou TPS.
KESYON: Ki rezon an jeneral ki fè emigran yon peyi benefisyè TPS e vini Ozetazini?
REPONS: Pou le moman, rezon an, se yon rezon ekonomik sitou. Ekonomi peyi sa yo pa fò ditou. Yo pami peyi ki pi pov nan emisfè a… Se pi gwo rezon yo genyen pou yo mande (oubyen pou yo benefisye) de yon pwolongasyon TPS la.
KESYON: Gouvènman peyi sa yo mande yon ekstansyon…
REPONS : Egatteman. Se prezidan peyi sa yo ki te mande TPS la (statu pwoteksyon tanporè a) o-komansman, e chak fwa ekspirasyon-an pral rive, yo mande yon pwolongasyon.
KESYON: Kilè Daptman Sekirite Enteryè a pral pran yon desizyon sou demand pwlongasyon an?
REPONS: Dabitud yo pran yon desizyon sou sa egzatteman anvan peryòd re-anrejistreman an rive. Sa vle di, si w gen yon pèmidtravay pou 1 nan, anvwion 3 mwa anvan pèmi sa a ekspire, yo pran yon desizyon: yo deside si yo pral pwolonje TPS la ou PA.
KESYON: Ki altenativ moun yo genyen si otorite yo deside pa renouvle TPS la, pa egzanp, pou sitwayen Venezuelyen yo oubyen lòt peyi benefisyè yo?
REPONS: Ebyen, pi fò venezuelyen yo kapab aplike si yo elijib pou azil. Men fòk mwen di, pou lemoman, otorite yo gen 4 tran reta nan trètman dosye azil yo. Alòs, venezue-lyen yo genyen tout tan sa a devan yo pou yo chache yon lot mwayen pou yo gen yon stati legal nan peyi a. Pa egzanp, yo ka chache fè pitit Ozetazini; lè pitit sa yo vin gran, (lè yo gen 21 nan), yo kapab aplike pou maman ak papa yo; ouyen tou, si yo selibatè, yo ka marye ak yon sitwayen ameriken, yon sitwayèn amerikèn; epi, kòm sitwayen ameriken, moun yo marye avè l la kapab aplike pou yo. Daprè mwen, okenn nan peyi benfisyè TPS aktyèl- yo --okenn nan peyi sa-yo ki nan emisfè oksidantal la-- poko pare pou yo resevwa tout moun sa yo si yo voye yo retounen; se dè milye e dè milye moun ki gen TPS. Se tap yon sitiyasyon trè difisil pou peyi sa yo: yo pa gen resous pou sa; yo pa gen travay pou moun yo, yo pa genyen kay pou mete yo; yo pa gen ase lopital ou sant medikal; yo pa gen ase lekòl; yo pa genyen okenn nan bagay sa yo.
KESYON: Kisa ki ka rive yon moun ki gen yon TPS ki ekspire epi yo rete nan peyi a toujou?
REPONS: Ebyen, yo tap pèdu dwa pou yo rete legalman nan peyi a. Dayè, gen anpil moun ki posede TPS e ki deja genyen yon lòd depòtasyon kont yo. Puiske yo gen lod depòtasyon kont yo, otorite yo kapab depòte yo preske imedyatman. Genyen anpil lòt ki pa resevwa yon lòd depòtasyon; men otorite yo ka arete yo, mete yo nan prizon; voye yo devan yon tribinal imigrasyon kote pwosesis depòtasyon yo kapab kòmanse, epi finalman yap depòte yo.
XS
SM
MD
LG