Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Etazini: Lendi 24 Jiyè 2017 Se Dènye Jou pou Ayisyen Ki Gen TPS yo Anrejistre


Senbòl Depatman Sekirite Teritoryal ak Ladwan Etazini an.
Senbòl Depatman Sekirite Teritoryal ak Ladwan Etazini an.

Lendi 24 jiye 2017 kap vini a se va dènye jou pou ayisyen ki kalifye pou Stati Proteksyon Tanporè (TPS) la (ansanm ak moun ki pa gen nasyonalite men ki te viv an Ayiti anvan yo te sou teritwa Ameriken an) enrejistre dapre yon nòt ki soti nan sèvis afè piblik Depatman Sekirite Teritoryal ak Ladawn Etazini.

Pwolonjman TPS la ki se pou selman 6 mwa ap valab soti nan dat 23 jiyè 2017 la pou rive nan dat 22 janvye 2018. Pandan 6 mwa pwolonjman sa a, imigran ayisyen ki ap benefisye de TPS la e ki pa gen lòt stati imigrasyon, ankouraje pou yo ta prepare retou yo ann Ayiti o ka pa ta gen yon lòt pwolonjman ankò pou ayisyen nan pwogram TPS la.

Jan de preparasyon pou moun ki gen TPS yo fè se: Genyen yon paspò ki pa ekspire, ki donk ki gen dat valid, ki poko rive nan bout li; dokiman valab ke gouvenman ayisyen an ba yo ki ka pèmèt yo retounen Ayiti.

Ayisyen ki ap benefisye de program TPS la ankouraje tou pou yo ta kontakte yon konsila ayisyen pou ede yo jwenn dokiman identite ayisyen ki pa ekspire.

Moun kapab jewnn plis detay konsenan TPS la pou Imigran Ayisyen, ansanm ak enfomasyon sou kalifikasyon, kouman pou aplike, ak ki kote pou ranpli fòm lan sou sit entenet uscis.gov/tps,

Plis detay sou TPS la pou imigran ayisyen ansanm ak moun ki gen dwa aplike e tout kijan pou nou fè sa parèt nan Federal Register notice ki te pibliye 24 me ki sot pase a.

Se te yon mesaj Depatman Sekirite Teritoryal ak Ladwan Etazini konsènan ayisyen ki gen Stati Pwoteksyon Tanporè yo TPS.

Dat piblikasyon 20 jiyè 2017.

XS
SM
MD
LG