Accessibility links

Breaking News

Etazini-Imigrasyon: Salvadoyen Ap Re-enskri Pa Bann a Pa Pakèt pou TPS

Gil Cedillo (ak kravat agoch) se yon manm konsèy kominal vil Los Angeles. Li te pran lapawòl nan yon manifestasyon kote moun tap mande renouvèlman TPS pou imigran salvadoryen yo (Foto: Los Angeles 8 janvye 2018).

Plizyè milye imigran salvadoryen deja enskri pou yon pwogram rezidans pwovizwa Ozetazini (TPS) pandan yap tann pou yo konnen kisa pou yo fè lè pwoteksyon pwogram sa a ba yo a va rive nan bout li nan mwa septanm 2019.
Vrèman vre, anviwon 200 mil imigran peyi Salvadò genyen jiska 19 mas 2018 pou yo re-enskri pou TPS ki pèmèt sèten imigran viv, travay ak etidye Ozetazini san yo pa bezwen pè pou sèvis imigrasyon pa depòte yo. Daprè yon rapò ki sòti nan anbasad salvadoryèn nan nan Washington, DC, gen 3 mil 200 moun ki re-enskri deja pou pwogram nan depi peryòd renouvèlman an te louvri 18 janvye pase a. Pi bònè mwa sa a Depatman Sekirite Enteryè Lèzetazini an (Department of Homeland Security) te anonse li pral mete fen nan TPS pou imigran salvadoryen yo nan sezon otòm 2019 la.
Konsila Jeneral Peyi Salvadò nan Manhattan, New York. Youn nan misyon konsilè ki ouvè menm nan wikenn pou ede imigran yo re-enskri pou TPS (Foto: 8 janvye 2018).
Konsila Jeneral Peyi Salvadò nan Manhattan, New York. Youn nan misyon konsilè ki ouvè menm nan wikenn pou ede imigran yo re-enskri pou TPS (Foto: 8 janvye 2018).
Sèvis Sitwayènte ak Imigrasyon Lèzetazini (USCIS) te deziye Salvadò kòm peyi ki te merite benefisye TPS an 2001, ane kote 2 kokenn tranblemanntè te frape peyi a; men Depatman Sekirite Enteryè ki nan tèt USCIS di peyi santwo-ameriken an deja fin leve nèt anba move konsekans katastwòf natirèl la, sa vle di imigran li yo pa kalitye ankò pou pwoteksyon TPS la.
Depatman Afè Etranjè Salvadò a fè konnen anbasad ak konsila li genyen Ozetazini pwolonjè lè travay yo e yo ouvè menm nan wikenn pou yo kapab jere kesyon ki gen rapò ak enskripsyon pou renouvèlman TPS la.
XS
SM
MD
LG