Accessibility links

Breaking News

Enkyetid Blayi nan Mitan Imigran Ayisyen yo Ki Poko Konnen si Wi ou Non Etazini Ap Renouvle TPS la pou yo


Entèvyou ak manifestan pou TPS yo nan Washington DC
please wait

No media source currently available

0:00 0:03:33 0:00

Plizyè dizèn imigran ayisyen ak latino manifeste tou pre depatman sekirite teritoryal Etazini pou mande administrasyon Trump la renouvle TPS la pou yo pou 18 mwa pou yo

Nan dat lendi 23 ak 24 oktòb 2017 la, ayisyen ki sòti nan Miami, West Palm Beach nan eta Florid ak Lond Island nan New York, te vin fè yon manifesasyon an favò pwolongasyon TPS nan Washington.

Ayisyen yo te mete ansanm ak kèk moun ki pale espayòl ki se resotisan peyi Salvador ak Honduras pou mande otorite Washington yo renouvle stati pwoteksyon tenpore a TPS pou yo. TPS pou ayisyen ap rive nan bout li nan mwa janvye 2018, stati sa a pou moun Salvado ak Honduras prèt pou rive nan bout li tou, amwenske Depatman Sekirite Teritoryal Etazini an ta deside pwolonje l. Si Etazini pa ta renouvle TPS la pou ayisyen yo, ki enpak sa tap genyen? Lavwadlamerik te pale ak kèk nan manifestan yo ki gen TPS e ki te di kijan sa tap afekte yo si Etazini ta temine TPS la.

Depatman Sekirite Teritoryal la genyen pou l anonse yon desizyon nan mwa novanm 2017 la pou l di si lap pwolonje TPS la pou Ayisyen oubyen si la tèmine l. Nap swiv.

XS
SM
MD
LG