Accessibility links

Breaking News

Plizyè Palmantè Sid Florid Pwopoze yon Lwa pou Bay Imigran TPS yo Rezidans Pèmanan


Yon rali nan Washington DC tou pre La Mezon Blanch pou mande pwolonje TPS la pou plizyè milye imigran. Foto: VOA/ 24 oktòb 2017.
Yon rali nan Washington DC tou pre La Mezon Blanch pou mande pwolonje TPS la pou plizyè milye imigran. Foto: VOA/ 24 oktòb 2017.

Dapre yon atik Miami Herald pibliye madi 31 oktòb 2017 la, http://www.miamiherald.com/…/politics…/article181914526.html plizyè palmantè Demokrat ak Repibliken ki reprezante sid eta Florid mete tèt yo ansanm pou ekri yon pwojè lwa pou mande nonsèlman pou Etazini pwolonje TPS la, Stati Pwoteksyon Tanporè a, pou plizyè milye imigran etraje, men tou pou transfòme l an stati pèmanan rezidans.

Dapre menm sous la, se Depite Repibliken Miami a, Carlos Curbelo ki prezante pwojè lwa a palmantè demokrat yo te elabore e ki rele Extendeing Status Protection for Eligibleb Refugees with Established residency Act oubyen Pwolonjman Stati Pwoteksyon pou Refijye ki Elijib avèk Lwa pou yo Vin Rezidan Pèmanan.

Pami lòt palmantè Sid eta Florid ki siyen pwojè lwa a genyen: Demokrat Frederica Wilson, Yvette Clark, Alcee Hasting ansanm ak Repibliken Ileana Ros-Lehtinen.

Ayiti, El Salvador ak Honduras pami 3 peyi ki gen plis imigran kap patisipe nan pwogram TPS la, e nan mwa novanm 2017 la o pli ta administrasyon Trump lan dwe pran yon desizyon pou di si wi ou non lap pwolonje stati moun sa yo yon fason pou yo kapab kontinye rete ak travay Ozetazini.

XS
SM
MD
LG