Accessibility links

Breaking News

Peyi Tirki Rejte Apèl Inyon Ewòp la ki Mande l Mete Dlo nan Diven l


Yon gwoup manifestan tirk deyò konsila Olandè a nan Istanboul, dimanch 12 mas 2017. (Foto: AP/ Emrah Gurel)
Yon gwoup manifestan tirk deyò konsila Olandè a nan Istanboul, dimanch 12 mas 2017. (Foto: AP/ Emrah Gurel)

Pandan Tirki ak Oland kontinye ap tope kòn yo nan yon chire pit diplomatik, gwoup Inyon Ewòp la mande tirk yo pou mete dlo nan diven yo.

Otorite peyi Oland anpeche minis Tirki yo òganize manifestasyon pou sipòte Prezidan Recep Tayyip Erdogan, ki apre sa te akize Oland kòmkwa li aji tankou yon peyi Nazi.

Yon polisye anti-emet olandè kap eseye arete yon demonstratè pro-Erdogan deyò konsila Tirk la nan Rotterdam, Oland,12 mas 2017.
Yon polisye anti-emet olandè kap eseye arete yon demonstratè pro-Erdogan deyò konsila Tirk la nan Rotterdam, Oland,12 mas 2017.

Nan dat 13 mas 2017 la, chèf politik afè etranjè Inyon Ewòp la Federica Mogherini ak komisè pou lajisman Inyon an, Johannes Hahn, te mande Tirki pou l “sispann fè deklarasyon san koute rezon, ak aksyon ki ka riske agrave sityasyon an pi mal toujou.”

Ministè Afè Etranjè Tirk la reponn ak yon deklarasyon madi 14 mas la ki fè konnen kòmantè sa yo pa gen okenn valè pou Tirki.

XS
SM
MD
LG