Accessibility links

Breaking News

Kijan Paran yo Kapab Ede Timoun yo Travèse Kap Kowonaviris la nan Pi Bon Kondisyon Posib?


Ti moun ki mete mas nan figi yo pou yo pwoteje tèt yo kont kowonaviris
Ti moun ki mete mas nan figi yo pou yo pwoteje tèt yo kont kowonaviris

Nan moman pandemi kowonaviris la ap sakaje lemond, kesyon yon papa oubyen yon manman pitit kapab mande, se kijan li ka ede yon timoun travèse yon moman kote dezas ap frape kominote a san sa pa gen twòp move konsekans sou byenèt fizik ou mantal timoun nan?

Youn nan eleman repons yo se jan de vi pèdefami an oubyen mèdefamim ap Mennen; paske tout espesyalis ka di w ou kapab tabli yon bon egzanp pou timoun ou si w byen jere strès ou gras avèk bon jan chwa ou fè pou stil de vi ou. Pa egzanp chache manje manje ki bon pou sante w; fè egzèsis regilyèman nan mezi posiblite w; toujou dòmi byen dòmi nannuit epi evite dwòg ak alkòl.

Tou sa se bagay ki esansyèl kòm abitid pou yon paran --oubyen yon lòt moun k ap elve timoun-- devlope lakay yo. Lè w byen pepare kò w konsa, lè w gen lespri w byen repoze, lè w byen rilaks, ou kapab reyaji pi byen devan yon sitiyasyon ki bay moun strès tankou yon trajedi oubyen yon dezas. Se konsa tou, avèk lespri w ki byen repoze a, ou pa sou tansyon e ou kapab pran desizyon ki nan pi bon enterè fanmi an oubyen moun ou renmen e ki renmen w tou.

Papa ak manman, nan moman kowonaviris la vin deranje woutin nòmal lavi timoun yo, fè sa pou yo silvouplè. Ba yo bon jan egzanp. Nou pa bezwen di w si yo merite sa.

XS
SM
MD
LG