Accessibility links

Breaking News

Kontwòl sou KOVID-19: Konsèy pou Paran ki genyen Timoun ak Bezwen Espesyal


Timoun sa yo mete kachne pou yo pwoteje trèt yo kont kowonaviris.
Timoun sa yo mete kachne pou yo pwoteje trèt yo kont kowonaviris.

Daprè Sant Ameriken pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi (CDC), anpil òganizasyon oubyen biwo moun ka kontakte pou yo jwenn enfòmasyon oubyen asistans pou yon timoun k ap soufri ak yon pwoblèm konplike, kwonik oubyen medikal ki lye ak KOVID la, konn ofri enfòmasyon sou sitweb yo kote yo ede fanmi yo poze e chache rezoud pwoblèm ki gen rapò avèk maladi a. Doktè oubyen pwofesè timoun nan byen kapab genyen kèk resous pou ede paran yo devlope nouvo woutin lakay pitit yo.

Epi, pandan timoun nan ap aprann lakay li -sètadi, pandan l ap kontinye pran leson nan kay la san l pa deplase pou l ale lekol- paran l yo dwe continye ba li sèvis ki mache ak edikasyon espesyal la epi ede l otan ke yo kapab fin familiarize l ak metòd ki pèmèt li aprann antan ke yon timoun ki gen bezwen espesyal.

Pou timoun ki nan kategori sa a, genyen lekòl ki kontinye ofri terapi ki 1). montre timoun nan byen pale si l gen difiklite pou l pwononse kèk son; 2). konseye lekòl yo mete timoun sa yo nan klas ki pa genyen anpil elèv; 3) mande pou pwofesè yo pase plis tan ap travay ak timoun sa yo ke avèk lòt ti zanmi yo ki pa gen bezwen espesyal, elatriye….

XS
SM
MD
LG