Accessibility links

Breaking News

Prekosyon Paran yo Dwe Pran Pandan Timoun yo Pa Ale Lekòl akoz Pandemi Kowonaviris la


Timoun ak Kowonaviris.
Timoun ak Kowonaviris.

Nan kad efò responsab yo ap fè pou yo bloke pwopagasyon maladi kowonaviris la, anpil lekòl nan peyi a fèmen pòt yo pwovizwaman. Manman ak papa pitit yo dwe gen yon kanè oubyen yon lòt bagay kote yo pran nòt, ki ede yo sonje ki etablisman ki femen e suiv enfòmasyon pou konnen pou jous kilè.

Suiv medya yo pou n konnen tout nouvèl nouvo ki parèt sou desizyon direksyon lekòl yo pran pou yo aplike konsiyn otorite yo bay konsènan aktitive lekòl yo. Si fèmti pwovizwa lekòl petit ou vin tounen yon fèmti pwolonje, ou dwe pran dispozisyon pou pèmèt timoun nan patisipe nan aktivite altenatif ki ranplase etid fomèl yo san sa pa ekspoze li anba viris KOVID-19 la.

Dekouraje pitit ou patisipe nan aktivite ki ta reyini plizyè timoun swa nan yon gwo lakou, swa sou yon plas piblik nan moman lekòl yo femen. Se yon fason pou anpeche kowonaviris la gaye nan kominote a.

XS
SM
MD
LG