Nan kad konsèy Sant Ameriken pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi (CDC) bay pou ede piblik la konnen kijan pou l konpòte l pou l byen jere peryòd kowonaviris la, jodi a n ap wè sitiyasyon yon timoun ki genyen yon maladi doktè konsidere kòm yon ka espesyalman grav.
Yon timoun ki teste pozitif pou KOVID-19 e ki te deja genyen youn nan maladi doktè konsidere kòm maladi grav yo, se yon ti moun ki predispoze pou l devlope yon tip trè seve, yon kalite trè konplike maladi kowonaviris la bay la. Pa egzanp, yon timoun ki deja genyen pwoblèm jenetik, newolojik, metabolik oubyen sa yo rele yon pwoblèm conjenital, (sètadi yon pwoblèm ki te parèt sou li depi li te pran nesans --yon pwoblèm moun eritye pa la ras, tankou maladi kè konsa oubyen ankò yon maladi ki febli sistèm iminitè li, donk kapasite kò a pou l defann tèt li kont mikwòb ou bakteri), se yon timoun k ap kouri gwo risk pou li devlope yon vèsyon grav maladi KOVID-19 la.
Yon konplikasyon KOVID-19-ka pwovoke lakay yon timoun konsa, se yon konplikasyon ki ra, men ki grav anpil: se yon maladi ki rele “sendwòm enflamatwa miltisistèm”. Lasyans medikal poko konnen kisa ki lakòz li ni ki kalite timoun ki plis ekspoze anba maladi sa a. Sepandan CDC ap fè rechèch sou li.