Accessibility links

Breaking News

Imigrasyon nan Sant yon Rankont ant Sekretè Deta Tillerson ak Kòlèg Meksiken e Kanadyen li


Foto sa a montre (de goch a dwat) Chrystia Freeland, Luis Videgaray ak Rex Tillreson, chèf diplomasi Kanada, Meksik ak Lèzetazini.
Foto sa a montre (de goch a dwat) Chrystia Freeland, Luis Videgaray ak Rex Tillreson, chèf diplomasi Kanada, Meksik ak Lèzetazini.
Sekretè Deta Lèzetazini an, Rex Tillerson, ki te nan vil Meksiko, kapital Meksik vandredi 2 fevriye a, deklare imigran pote bon jan "prensip ak prestij" bay Lèzetazini; sepandan li ajoute gouvènman ameriken an manke "bon disiplin" nan fason li deside kilès ki ka antre nan peyi a pou yo viv.
Apre yon rankont nan Meksiko avèk kòlèg meksiken li a, Luis Videgaray e minis afè etranjè Kanada a, Chrystia Freeland, Sekretè Deta a di laprès Lèzetazini mete "anpil mekanism an plas" atravè lèzane pou l kontwole imigrasyon an, men li pa janm pase mekanism sa yo an revi pou l pote ajisteman ki nesesè yo.
Rex Tillerson "ap fè yon toune atravè Amerik Latin nan."
Rex Tillerson "ap fè yon toune atravè Amerik Latin nan."
Misye Tillerson deklare: << Ann chache gen asirans ke nou mete an plas kèk sistèm ki pèmèt nou konnen kilès moun kap antre nan peyi a. >> Li ajoute imigrasyon Ozetazini kite kad "disiplin nòmal la" e se pou sa Prezidan Trump ap fè presyon sou Kongrè a pou li "korije defo ki devlope ane aprè ane."
Gouvènman meksiken an pale plizyè fwa pou l eksprime opozisyon li kont pwopozisyon Misye Triump fè pou mete kontwòl sou imigrasyon ilegal la epi pou Meksik peye pou konstriksyon yon miray administrasyon Trump la vle bati sou fwontyè ant 2 peyi yo.
XS
SM
MD
LG