Accessibility links

Breaking News

Tranblemanntè Tiki: Yon Ekip Sekouris Sove yon ti Bebe ak Manman l


Jodiya, swa plis ke 48 tè apre soukous la, yon ekip sekoris rive sove yon ti bebe 2 semèn, manman n ak grann li ki te bloke anba kèk debri
Jodiya, swa plis ke 48 tè apre soukous la, yon ekip sekoris rive sove yon ti bebe 2 semèn, manman n ak grann li ki te bloke anba kèk debri

Byen bonè jodi madi 25 oktòb 2011 la nan Tiki, sekouris yo rive sove anpil lòt moun ki te anba debri nan pati lès peyi a aprè yon gwo tranblemanntè ki kraze divès kay ak gwo building avan yè dimanch 23 oktòb la. Daprè sous ofisyèl yo, kantite moun ki mouri yo monte rive 432, tandiske genyen o-mwen 1300 lòt ki blese. Gwo soukous la, ki te mezire 7,2 sou echèl Richtè a, te frape nan zòn fwontyè Tiki ak Iran ; li koze pi gwo dega yo nan vilaj Erics, sou yon distans 90 kilomèt ak vil Van.

Youn nan sekouris yo di kijan li wè sitiyasyon an:

“Mwen panse genyen 2500 sekouris k ap tavay nan zòn sa a depi 2 jou; nou rive wete anpil moun vivan anba debri yo, e kounyela a n ap tann siyal telefòn, imèl, oubyen nenpòt ki lòt bagay; si moun yo genyen telefòn pou yo rele, n ap eseye sove yo gras avèk chyen k ap ede n jwenn yo"

Jodiya, swa plis ke 48 tè apre soukous la, yon ekip sekoris rive sove yon ti bebe 2 semèn, manman n ak grann li ki te bloke anba kèk debri, pami yon afè de 2 mil building tranblemanntè a lage atè.

Gwo soukous la koupe elektrisite ak dlo nan anpil rejyon. Plizyè dizèn milye moun pase yon 2èm nuit anba gwo dra e anba tant. Men se pa tout moun pami sila ki sove yo ki gen chans resevwa sekou jiskaprezan.

Pa egzanp, yon fi bay temwayaj pou l di :

"Nou pase nuit la anba yon tanperati ki jele nou nèt. Nou tap tranble pandan tout nuit la. Pèsonn pa pote ban nou ni dra ni aparèy chofaj. Nou pa menm gen twalèt. Moun kò̈manse tonbe malad. Bagay yo trè sal isit la."

Anpil peyi ofri Tiki asistans yo –pami yo genyen Lèzetazini. Avan yè dimanch-la, prezidan barack Obama te di Washington ap rete kòt-a-kòt ak Tiki pandan peyi sa a ap pase yon moman si difisil.

XS
SM
MD
LG