Accessibility links

Breaking News

Jwè Gòlf Ameriken Tiger Woods Kouche Lopital aprè Yon Gwo Aksidan Machin


Machin Tiger Woods la anba mòn kote li fè aksidan an tou prè Los Angeles (Foto: 23 fevriye 2021. KNBC via Reuters)
Machin Tiger Woods la anba mòn kote li fè aksidan an tou prè Los Angeles (Foto: 23 fevriye 2021. KNBC via Reuters)

Lapolis nan pati sid Eta Kalifoni fè rechèch, mèkredi 24 fevriye a, pou yo konnen kisa ki te lakoz Tiger Wood sòti kite yon otowout pandan li te sou volan yon djip, sa ki fe l al antre sou yon pyebwa epi machin nan te woule desann anba yon ti mòn. Aksidan sa a, ki rive madi maten tou prè Los Angeles, lakoz gran jwè gòlf nwa-ameriken an blese anpil.

Sekouris t al wete Misye Woods, ki gen 45 lane, nan machin nan ki kraze, epi yon anbilans te kouri avèk li pou mennen l nan Sant Medikal Harbor-UCLA, ki pa lwen sèn aksidan an, kote doktè di li sibi “anpil frakti nan janm.”

Daprè yon deklarasyon ki parèt madi swa sou kont Twitter ofisyèl Tiger Woods la, misye sibi “yon operasyon ki dire lontan” nan janm ak jwentipye dwat li, e li te “reveye, li te montre li konnen lè moun pale avèk li e l ap refè nan chanm lopital li.”

XS
SM
MD
LG