Accessibility links

Breaking News

Thomas Adams, Kowòdonatè Depatman Deta pou Ayiti, Pale de Èd Etazini pou Efò Rekonstriksyon an


Nan yon entèvyou Thomas Adams, kowodonatè Biwo Depatman Deta pou Ayiti, bay Lavwadlamerik, li pale de diferan domèn kote Lèzetazini ede Ayiti depi tranblemanntè te frape peyi karayib la sa pral gen 2 zan 12 janvye kap vini la.

Nan sa ki gen rapò ak asistans Lèzetazini bay Ayiti nan kad efò ki fèt pou rekonstui peyi a, Mesye Adams di:

"Pèp ameriken an pa bliye trajedi I te rive ann Ayiti sa gen 2 zan. Ameriken yo genyen gwo senpati pou sò pèp ayisyen an, e nou toujou genyen yon gwo bòn volonte pou n ede Ayiti. Yon prèv ki ka motre sa, sè ke Lèzetazini angaje yon afè de 3 milya 100 milyon dola pou Ayiti depi tranblemanntè a. Sou kantite lajan sa a, anviwon yon milya 800 milyon dola te ale nan travay pou ede pèp la rekanpe sou pye l e pou travay rekonstriksyon an ; epi yon milya 300 milyon te pou asistans ki pote soulajman dijans."

Mesye Adams te pwofite reponn kritik ki fèt kote yo pale de sa obsèvatè yo konsidere kòm lantè ki genyen nan pwosesis rekonstriksyon an ak travay ansyen Prezidan Bill Clinton reyalize, nan divès kapasite, pou kore efò pou rekonstrui peyi a.

Sou sa ki rapò ak afè rekonstriksyon an, Mesye Adams di: "Nou vle fè travay la an kowoperasyon ak otorite gouvènman ayisyen an; e se pa toutan nou jwenn angajman ki nesesè pou n ale vit nan efò sa a. Kounyela a, avèk nouvo gouvènman an nou jwenn yon pi bon angajman; e konsa ritm pwogrè a ap ogmante."

Thomas Adams di li panse genyen espwa pou Ayiti e li rete kwè ayisyen yo se yon pèp ki boure ak talan e ki, a la fen dè fen, pral jwenn solisyon pou pwòp pwoblèm yo pou kont yo.

Klike sou lyen ki nan kòmansman atik la pou w koute Misye Adams ki prezante bilan kowoperasyon Washington ak Pòtoprens nan efò ki fèt pou rekontrui Ayiti nan mikwo Lyonel Desmarattes.

XS
SM
MD
LG